mercredi 28 décembre 2011

NIMEWO TWONPET JANVYE-FEVRIYE 2012

NIMEWO TWONPET JANVYE-FEVRIYE 2012


CHAPO BA
Dirijan Kiwo nan peyi a ak lòt bò,
Nan moman sa a, nou panse ak ou epi ak bèl travay ou ap fè anndan gwoup ou, nan rejyon ou, nan dyosèz la, nan nivo nasyonal pou fè Mouvman Kiwo a jwe wòl li nan fòme li ap fòme timoun ak jèn yo pou yo kapab vin bon kretyen ak bon sitwayen nan sèvis Kris la, pwochen yo ak peyi yo. Se sa nou tout vle viv nan tèm jeneral kiwo a pou ane 2011-2012: Aprè 5oan, Kiwo, ann angaje n… Nan rekonstwi peyi n!
Se konsa nou pote ba ou ak nimewo Twonpèt Janvye-Fevriye 2012 pandan nou pran tout tan n pou nou swete ou yon bèl Fèt Nwèl ak yon Bòn ane 2012! Se pou limyè Jezi Kri fèt nan mitan nou kontinye klere ou epi mennen ou toujou sou chemen kè kontan, kè poze ak renmen nan tout sa ou ap fè yo! Jezi vini…Pou lavi tounèf! Modòd mwa desanm nan.
Nimewo twonpèt sa a prezante ba nou kèk aktivite, kèk aksyon Konak la te chwazi pou ede nou viv pi byen tèm jeneral la ak tout peryòd ak modòd li yo. Nou envite ou wè ansanm ak lòt dirijan kouman nou kapab rive reyalize yo oubyen patisipe ladan l yo. Nou kwè yon tèm jeneral, yon peryòd, yon modòd gen tout valè yo lè yo ede nou viv lespri kiwo a pi byen pa sèlman ak pawòl nou yo men tou ak aksyon nou, ak konpòtman nou nan sosyete nou an. Fòk yo rive ede n fè yon pa nan sitiyasyon nap viv yo. Se sa a Modòd janvye a envite n fè: Ayiti nan pwoblèm Kiwo…Ann leve kanpe! Devan sitiyasyon peyi n ki poko fin bon nèt, fòk kòm kiwo, nou leve kanpe, fòk nou angaje n pou rebati peyi n, pou sa a chanje. Nou pa ka chita bwa kwaze oubyen ap gade, fòk nou wè ki kontribisyon kòm kiwo, kòm jèn nou kapab pote pou avansman peyi a kote nou ap viv yo. Ann travay ak konsyans Kiwo…Pou peyi nou ka bèl!(Dezyèm Peryòd). Se vre pou kont nou pa kapab rebati peyi n nan jistis ak renmen, nan respè pou tout sa Bondye kreye epi konfye nou yo. Nou bezwen konkou lòt moun, tout moun ki ap travay pou yon Ayiti tounèf. Se konsa Kiwo: Ann mèt men…Pou sa chanje!(Modòd fevriye 2012).
Nimewo Twonpèt sa a pote anpil fòmasyon ak enfòmasyon pou ou, dirijan. Konsènan Patenarya, nou vle di yon gwo mèsi pou tout gwoup kiwo ki fè nou jwenn fòmilè yo pou patisipe nan patenarya sa a ak konkou komite dyosezen yo. Nou rive chwazi 16 gwoup ki pral kòmanse patenarya ak 16 gwoup Chiro Beljik. Kòm patenarya ap dire 3zan, nou espere tout gwoup ki enskri ak tout sa ki pral enskri toujou, ap jwenn chans patisipe nan patenarya sa a. Gen Kan Mondyal Fimcap prale òganize ane pwochen nan peyi Paraguey sòti 14 jiyè rive 4 out 2012. Mouvman Kiwo envite pou patisipe nan kan Mondyal sa a paske li manm Fimcap ki se Fédération Internationale des Mouvements catholiques d’action paroissiale. Se 3 moun Mouvman kapab voye reprezante l nan rankont sa a. Konsa nou mande kiwo ki enterese patisipe nan kan mondyal ak plizyè jèn ki soti lòt peyi ak kontinan, pou yo pran kontak ak KDK yo. Nou toujou ap kontinye ak demach pou jwenn teren kiwo a, nou jwenn Leta ayisyen deja banou tout papye tè men nou poko ka ale sou li paske gen moun ki di tè a se pou yo. Nou deja fè Leta konnen sa a, nap tann yon repons rapid rapid pou nou wè kouman nou ka avanse ak pwojè a.
Nou kanpe la pou jodia. Nap kite ou dirijan dekouvri tout richès, tout konesans, fòmasyon ak enfòmasyon nimewo Twonpèt sa a pote.
Yon fwa ankò, nou swete yon bon fèt Nwèl ak yon bòn Ane 2012! Se pou Kris la ki se modèl nou, soutni nou pou nou kolabore ansanm nan tout sa nap fè pou nou rive rebati peyi nou an pi bèl. Nou swete bon travay ak gwoup ou a, ak seksyon ou reskonsab la. Bon fèt pou Tanbèt yo. Kouraj pou tout nouvo dirijan yo, nouvo chef gwoup ak cheftenn yo. Kenbe fèm pa lage. Kris la ak nou! Aprè 50an, Kiwo, ann angaje n…Pou n rebati peyi n!
Larezonnen 2012


Men modòd peryòd la
Mwa novanm 2011 : Kiwo nou se sèl nan… Legliz la !
Mwa desanm 2011 : Jezi vini… Pou lavi tounèf !
Janvye 2012 : Ayiti nan pwoblèm… Kiwo ann leve kanpe !
2èm Peryòd
An travay ak konsyan kiwo … pou peyi n ka pi bèl!
Zanmi kamarad, tokay kiwo mwen yo nou wè peyi nou an se pa yon peyi ki kondane li ye. Lè n mache anpil kote nan peyi a, lè n gade nan televizyon tou. Nou wè peyi nou an li pa pi mal pase sa, se pa yon peyi ki pi lèd pase sa tou, men sèl bagay gen anpil moun san konsyans ki antre kèk kote. Yo sal yo, yo fè zòn sa yo vin si tèlman lèd anpil moun pa anvi pase ladan yo. Moun yo detwi anviwonman nan zòn sa yo san yo pa gen konsyans si konsekans negatif la se pou yo. E byen Jodi a, konak la ap envite nou tout pou n mete lakay nou yon ti kras konsyans, se sa ki fè nan dezyèm peryòd la n’ap envite w travay ak konsyans, tout sa wap fè, fè li ak konsyans epi wap jwenn rezilta. Ann travay ak konsyans kiwo … pou Peyi n ka pi bèl!
Nou pa bezwen tann se leta ki pou vin fè pou nou, nou pa bezwen tann se mon pè ou byen ma mè, se chè frè ki pou di n ki sa pou n fè. Nou gen je tou ann gade toutotou nou epi nap wè sak merite fèt la pou n fè li, nap wè sak merite chanje a pou n chanje li. Yap fè travay la pou devlope zon ou epi se ou menm ankò kap kraze li, se ou kap chèche bloke li, se ou kap brize materyèl yo, monchè ou pa gen konsyans. Si yo fin pentire lekòl la ba ou, yo fi n pentire legliz la ba ou, se pa ou ki pou vin ekri nan mi an, leve pye w met ladann pou sal li. Se pa nou ki pou ap jete fatra nenpòt ki bò. Nou pa ka konstwi nenpòt vye boutmi nan figi moun. Nou pa ka vin sou moun ak nenpòt vye machin. Pito w pran yon ti tan ou soufri men ou fè sa wap fè a byen, pito w mize men ou pote bon nouvèl. Ann sispann fonksyone nan manti paske twou manti pa fon ann sispann bay pwoblèm, mete dezinyon lè yo mete n nan yon ekip pou n travay. Yon sèl dwèt pa manje kalalou, si n pran konsyans, si n travay ak konsyans nap kontan rekòlte fri travay nou ak konsyans trankil nou pap fè moun abi, paske moun kap fè moun abi, yo pa gen avni. Ann travay ak konsyans.
Ann travay ak konsyans kiwo… pou peyi n ka pi bèl.
Men modòd pou 2e peryòd la
Modòd pou mwa fevriye 2012 : Ann met men… pou sa chanje !


RAPO KANAREDYO OKTOB 2011 AK RAKONT SOU SWIVI KONAK 2011


Nan dat 28 pou rive 30 oktòb konsèy Nasyonal Kiwo a te reyini nan kazo anba tant pou reflechi ak planifye pou bon mach Mouvman an. Nan rankont sa a te gen prezan tout antite yo. Nou konnen dyosèz Nip an fòmasyon yo pat prezan.
Nan rankont sa a, asanble a te chita sou mesaj fèt Kris wa 2011lan kote yon komisyon te chita sou li kite reprezante pa yon manm nan chak antite yo.
Rapò chak antite yo nan plan aktivite bidjè 2011-2012 plis Tèm Nasyonal ak peryòd la, te gen yon komisyon tou kite chita sou oryantasyon mouvman kiwo aprè 50an kote nan kongrè nasyonal dyosèz, yo te kòmanse reflechi sou li. Konsa komisyon an te remèt yon travay. Yo te fè l pou yo te remèt li ak BNK pou tape pi l nan dyosèz yo pou kontinye reflechi sou li. Yon komisyon pou wè ki aktivite nou kapab fè nan nivo lokal, rejyonal, nasyonal, dyosezen pou n rive viv tèm ane ansanm ak moun ki pase nan mouvman kiwo, epi fè pwopozisyon sou kontribisyon sant fòmasyon kiwo a nan gantye. Nan kad pou fè swivi sou estil kiwo a konsèy nasyonal la te fè pratik fòmasyon kare nan kiwo a yon fason pou tout antèt yo gen menm aplikasyon.
Nou te fè yon rale sou bivwak yo avèk komite fòmasyon referans twonpèt novanm desanm 2011. Nou te gen mesye Estiva Charles ki se yon reprezantan inivèsite florid kite fè yon ti pale sou inivèsite sa a kite la pou bay fòmasyon sou risk ak dezas konsa lite chwazi pou mouvman kiwo a gen yon patenarya ak yo. Nou te pale tou sou patenarya kiwo Ayiti ak kiwo Beljik kote KDK yo dwe mete yon komite sou pye pou travay ansanm ak komite nasyonal la pou travay la pa bloke. Nou te gen prezans Pierre Ogène Davilmar yon ansyen dirijan kiwo Okap ansyen manm konsèy nasyonal la te pase pou fè yon ti koze ak nou. Asanble a te pwofite swete l byen vini e bon travay nan sèvis li kòm depite. San nou pap bliye li te batize ansanm ak nouvo manm konsèy la. Se nan anbyans sa a rankont lan te fini.
Chak ane Konak la chwazi yon tèm jeneral ak 4 peryòd pou ede tout kiwo temwaye toutbon yo se patizan Kris la tout kote yap viv yo. Chak gwoup kiwo dwe chwazi yon pwendaksyon pou ede kiwo yo byen viv tèm jeneral, peryòd ak modòd yo. Nan evalyasyon nou fè yo, nou wè kijan nou bliye oubyen nou neglije pran pwendasyon yo, sa vle di aksyon konkrè ki pou ede nou antre nan oryantasyon Mouvman Kiwo a defini chak ane. Kesyon sa a te nan ajanda Kanaredyo mwa oktòb ki sot pase a. Kòm kesyon pat fin diskite, Konak te deside pou Biwo Nasyonal ak prezidan Komite Dyosezen yo rankontre nan mwa desanm nan pou yo rive finalize pwen sa a ki enpòtan anpil pou bon fonksyonnman Mouvman Kiwo a nan tout enstans li yo.
Konsa Biwo nasyonal la te reyini ak prezidan dyosèz yo jou ki te 26 novanm 2011 la. Se te 8 dyosèz sou 10 ki te prezan nan rankont sa a, Dyosèz Ansavo e Miragwann( ki poko fin fòme nèt) ak Okap pat fè yo reprezante. Youn nan pwen ki te pi enpòtan se te chwazi kèk aksyon, kèk aktivite pou nou rive byen viv Tèm jeneral Kiwo a ak tout peryòd yo. Konsa Plizyè komisyon te fòme ak tout reprezantan pou reflechi epi fè pwopozisyon pou aktivite sa yo. Nan mete ansanm tout lide yo, men kèk aktivite ki te rive chwazi pou ede gwoup lokal, komite rejyonal, komite dyosezen, Konak ak Biwo Nasyonal Kiwo byen viv tèm jeneral ak peryòd yo.
Pou tèm nan ‘’Aprè 50 an kiwo an angaje n…nan rebati peyi n!’’, te gen yon konsta ki te fèt sou nesesite pou nou pa konprann sèlman rebati peyi nou kòm rebati kay yo ak lòt batiman pi byen. Nou dwe konprann li tou e sitou kòm rebati moun nan nan tout dimansyon lavi li yo, nan relasyon li ak lòt moun parèy li ak tout sa Bondye kreye epi konfye li yo( Lakreyasyon, anviwonnman). Nou te wè tout fason nap viv jounen jodia ( mòd lavi a) vin chanje anpil sitou aprè tranbleman tè 12 janvye 2010 la: Anviwonnman peyi nou a vin frajil anpil, gen pwoblèm malpwopte, anpil maladi ki bay anpil moun, gen anpil valè ki vin pèdi, se chak koukouy klere pou je li ki vin tabli nan peyi a, pa gen jèfò ki fèt pou gen kè poze ak jistis pou tout moun, jèn yo ap mache nan wout ki pa trase, pa gen anpil model, anpil referans moral pou yo, yo kite yo jwèt nan tèt yo, konsa yo vin tounen yon danje ni pou yo menm ni pou sosyete nou an. Konsa nou wè li enpòtan anpil pou nou fòme jèn kiwo yo e tout lòt jèn yo pou yo byen konnen ki wòl ak enpòtans yon moun genyen vizavi lòt moun yo ak lakreyasyon Bondye konfye l la. Ki dwa ak devwa moun nan genyen nan relasyon li ak lòt moun ak tout sa vironnen l. Kouman nou kapab fè moralite pran premye plas nan tout sa nap fè, tout nap di yo?
Pi bon fason Mouvman Kiwo a kapab ede nan rebati peyi n, se nan fòme jèn yo pou yo kapab itil tèt yo, sosyete a ak Legliz la. Se konsa nou chwazi kòm aktivite:
Òganize yon sesyon fòmasyon pou kiwo yo nan gran Nò ak gran Sid ki ap fèt nan menm moman. Youn ap fèt nan Gonayiv epi lòt la nan Okay nan dat 17 pou 20 me 2012. Objektif sesyon sa yo ede kiwo yo konprann pi byen wòl ak enpòtans yo pou yo kapab angaje yo pi byen toujou nan rebati peyi nou an.
Pandan sesyon fòmasyon sa yo, nap òganize tout kalite konkou (chan, dans, pwezi, desen teyat) sou tèm nana k peryòd. Tout patisipan ki ede nou konprann oubyen viv tèm nan ak peryòd pi bye nap jwenn ankourajman (rekompans).
KDK Gonayiv ak Okay reskonsab pou chache lokal epi kontakte kèk moun ki kapab devlope tèm nan sesyon sa yo.
Nap gen pou fè mayo ak tèm jeneral kiwo a yon fason pou nou konsyantize moun sou nesesè pou rebati peyi nou an pi byen.
Kondisyon an se 2 ou 3 moun pa komite rejyonal plis 5 moun KDK, n’ap evite pou 2 moun pa sòti nan menm gwoup. Transpò a se dirèk sa vle di lap sòti nan dyosèz ou pou ale kote sesyon an ap fèt la. Patisipan yo ap gen pou bay yon kontribisyon pou aktivite sa a. Pou plis enfòmasyon nap wè ak KDK sou sa a.
Pou 1e peryòd la: Nou wè pou premyè peryòd li enpòtan pou nou gen je louvri pou nou analyze tout sa kap pase nan peyi n e pou nou rive konprann pi byen reyalite peyi n. Lè nap kapab kouman nou kapab angaje pi byen pou chanje tout sa ki merite chanje, pou tout moun viv pi byen. Kòm aktivite nou chwazi
Se pran tan ki nesesè pou reflechi sou anviwonman nou, sou relasyon moun ak moun, sou relasyon moun ak lanati, sou kilti n ak valè li yo, sou idantite n kòm pèp.
Nan sans sa nou ka òganize yon jounen refleksyon nan pawas ak chapèl nou yo epi envite moun ki kapab klere nou sou tout pwen sa yo( tankou pwofèsè, pè yo, elt.). Li ta pi bon tou pou n envite lòt jèn ki pa nan Mouvman Kiwo a yon fason pou yo ka benefisye tou paske kòm kiwo, nou se modèl, referans pou lòt jèn yo nan kominote nou yo. Nou kapab fè l nan nivo lokal men se pandan 1e peryòd la pou n ta fè sa.
Pou 2e peryòd la: Nou wè li enpòtan pou nou òganize anpil aktivite pou nou fòme tèt nou ak lòt jèn yo sou reskonsablite nou yo nan kominote nou yo sitou pou sa ki gen pou wè ak anviwonnman nou.
Nou kapab fè sansibilizasyon ak lòt jèn pou fè netwayaj, asenisman, plante pye bwa, elt.
Fòk nou travay anpil sou edikasyon sivik, fòmasyon sou sekouris ki kapab ede nou renmen peyi n e sitou mete nan sèvis pwochen nou yo tankou fè prevansyon sou jesyon risk ak dezas, bay san nan lakwa wouj, fè alfabetizasyon pou sove frè ak sè n yo.
Nou kapab fè l nan tout enstans yo. Nou mande pou nan tout bivwak ane sa a gen yon tan pou fòmasyon sou sekouris ak sou jesyon risk ak dezas pou kiwo yo.
Pou 3e peryòd la: Kiwo, li lè li tan pou n poze aksyon konkrè pandan moman vakans lan tankou nan deplasman nap gen pou n fè yo. Nap kapab viv peryòd la pandan moman kan kote gwoup yo pral deplase depi nan moman preparasyon an,
Nou ta dwe konnen bezwen zòn nan yon fason pou aksyon n’ap gen pou n poze a kapab itil moun ki nan zòn nan. Fòk nou pran tan pou nou eksplike ki sa Mouvman Kiwo a ye e kijan li eden pran reskonsablite n kòm jèn nan sosyete nou nan. Pa bliye fè yon aktivite pou avanseman sosyete a.
Konsa tou nou kapab fè oubyen patisipe nan konbit, nan rebwazman, sekouris, konstriksyon, elatriye. Youn nan pi gwo aktivite se envite chak kiwo nenpòt ki kote li ye pou li plante yon byen pyebwa epi sitou pran swen li. Dat nou pran se 24 jen 2012 pou plis enfòmasyon jwenn ak KDK. Nou pral wè kouman ki jan nou kapab fè tout kiwo yo jwenn yon pyebwa. Nou envite tout dyosèz pou yo wè si yo gen moun ki kapab fè yo jwenn pyebwa.
Pou 4e peryòd la: katryèm peryòd la enpòtan anpil paske li ede wè ki jèfò nou fè pou viv tèm ane ak tout peryòd li yo. Konsa kòm aktivite :
Nou dwe evalye tout aktivite nou te vle reyalize : tout sak fèt nèt, sak pa rive fèt, e sak fèt.
Nou dwe fè yon analiz sou sak ta dwe fèt epi sèvi avèl nan moman pou chwazi nouvo tèm oubyen peryòd yo.
Nou pwopoze pou nou gen yon lanmès kote nap ofri ane ki fèt pase a epi mande konkou Lespri Sen pou nou kapab reyalize tout sak pat fèt yo.
Nou swete tout enstans yo mete men ak poze bon jan aksyon pou rive viv tèm ak peryòd yo, yon fason pou lòt moun ki pa nan gwoup la kapab benefisye travay nou te fè yo. Pou tout enfòmasyon, kesyon, komantè yo, pa bliye kontakte KDK ou la san pèdi tan. Nou angaje pou pote banou plis prezisyon ak detay sou aktivite sa yo nou chwazi pou enplike tout kiwo nan angajman pou rebati peyi nou an pi byen toujou.
Men lòt pwen nou te rive diskite nan rankont sa a :
Nou kòmanse pale sou posiblite pou Mouvman Kiwo a gen kat dijitalize paske nou te fikse ane 2012 kòm ane pou n kòmanse sèvi ak li. Nap gen pou chita ankò sou tout detay kat la.
Men sa ki pi klè pou nou kat se byen Mouvman Kiwo a li ye. Tout gwoup ki ap jwenn li, fòk se yon gwoup ki byen fonksyone anndan Mouvman Kiwo a, fòk li gen bon relasyon ak pawas li, fòk se yon gwoup ki abitye genyen kat idantifikasyon nasyonal Mouvman pou tout manm li yo. Fòk se yon gwoup ki fè abonnman.
Nap gen pou nou etidye tout posibilite pou n wè sa ki pi bon pou nou nan zafè kat dijitalize a : nap pran pri fè kat la nan men lòt moun oubyen pri machinn ki fèt kat la menm ak depans yo pou fè li. Nap wè si nap kapab fè kat la nan chak dyosèz. Lè sa a, fòk chak dyosèz kapab gen yon biwo dyosezen. Lòt posibilite se fè kat dijitalize nan biwo a ak tout done ki soti nan dyosèz yo. Konsa, nou mande tout KDK verifye konbyen manm kiwo yo genyen nan dyosèz yo nan kanaredyo mwa fevriye 2012 la. Nou vle pou tout kiwo gen kat dijitalize nenpòt ki kote yo ye epi li pi bon pou n konnen konbyen nou ye, pou nou wè konbyen kat nou kapab rive fè.
Nan lide pou nou pèmèt Mouvman Kiwo a parèt pi plis nan sosyete a epi pou ede kiwo konekte youn ak lòt e sitou pou sansiblize moun sou travay ak nesesite Mouvman Kiwo a, nou vle kreye yon rezo sosyal nan youn nan kompayi telefòn yo pou pataje tout enfòmasyon sou Mouvman Kiwo a. Konsa chak kiwo ak chak moun ki renmen kiwo kap enskri ladan pou 3 goud pa egzanp a pati telefòn li. Nap pran plis enfòmasyon pou n wè kouman li kapab reyalize rezo sosyal kiwo sa a.


BIWO NASYONAL KIWO A SWETE NOU TOUT KIWO YO AK ZANMI KIWO YO YON BON LANE 2012 CHAJE AK BENEDIKSYON GRANMENT NAN LAVI NOU CHAK.

jeudi 27 octobre 2011

chapo/refleksyon nouvo ane kiwo a/tèm jeneral 2011-2012

CHAPO BA

Zanmi dirijan Kiwo Nan tout peyi ak lòt bò,

Se ak anpil kè kontan nou rantre lakay w ak nimewo Twonpèt Novanm-desanm 2011. Nou wete chapo nou byen ba pou nou swete w Bòn Ane Kiwo 2011-2012! Nou kòmanse yon nouvo ane kiwo ak yon nouvo tèm jeneral Kiwo: ‘’ Aprè 50an, Kiwo, Ann angaje n…Nan Rebati peyi n!

Aprè travay nou, pou nou genyen yon Mouvman ki pi djanm ak konkou Lespri Sen an, nou vle angaje n pi plis pou nou kapab patisipe nan tout jèfò ki ap fèt pou peyi n rebati toutbon vre nan tout dimansyon li yo. Pou li tounen yon peyi kote tout moun viv byen nan solidarite, nan renmen, nan jistis youn ak lòt, nan respè lakreyasyon Bondye a. Wi, li enpòtan pou nou mete men nan rebati peyi n paske sitiyasyon peyi n poko fin bon aprè 12 janvye 2010. Pa bliye: “Kiwo nou se sèl…Nan Legliz la! Se Modòd mwa novanm ki raple n vokasyon nou nan Legliz la, nan sosyete a e sitou devan reyalite nou ap viv jounen jodi a. Pou nou kapab rebati peyi n, se sou Kris la pou nou kole paske se li ki lavi, chemen, se verite. Se li menm ki vini pote piyay lavi Bondye a pou nou: “Jezi vini…Pou lavi tounèf” (Modòd desanm).

Dirijan, gen kèk bagay ki enpòtan pou travay w pou nouvo ane a: pa bliye renouvle abònman Twonpèt, pa bliye kat idantifikasyon w kòm Kiwo, renouvle angajman pou w kapab akompaye timoun ak jèn yo pi byen toujou nan seksyon ou reskonsab la, elt.Twonpèt ap ede w jwenn bon jan fòmasyon ak enfòmasyon sou angajman kòm dirijan. Mouvman Kiwo a konte anpil sou w pou travay la kapab fèt pi byen toujou.

Ane sa a, nou pibliye non tout gwoup ki fè abonnman Twonpèt ak kat Idantifikasyon nan Twonpèt sa a. Nou vle ankouraje tout gwoup yo fè abònman Twonpèt la ak kat Mouvman Kiwo a. Nou vle travay pou Twonpèt la toujou parèt a lè e sitou pou li rive jwenn w lè li sipoze rive a. Pa bliye dirijan di reskonsab nan Komite Dyosezen fè w jwenn li lè li rive nan dyosèz la. Nou mete Kat idantifikasyon Kiwo nan men Komite Dyosezen yo epi tout Omonye dyosezen kapab siyen yo. Pa bliye mande Komite Dyosezen fè w jwenn kat pou gwoup w.

Ane sa a, nou pral viv yon eksperyans espesyal ki se patenarya ak Chiro Bèljik. Se yon inisyativ pou pèmèt gwoup kiwo fè echanj ak gwoup Chiro. Nou espere bèl eksperyans sa a pral pèmèt plis pataj konesans ak eksperyans ant tout gwoup yo. Tout gwoup Kiwo yokapab patisipe nan patenarya e se ak Komite dyosezen yo pou yo jwenn otorizasyon pou sa a daprè tout kondisyon ak prensip ki fikse yo.

Ane sa a tou, Biwo nasyonal Kiwo ansanm ak Komite Dyosezen Kiwo Okay vle travay pou mete plis gwoup kiwo nan nouvo dyosèz Ansavo e Miragwann pou rive fòme yon nouvo komite dyosezen. Nou vle kiwo yo rive tout kote paske Misyon se rive jwenn timoun ak jèn yo nenpòt ki kote yo ye. Konsa aprè tout vizit ak rankont ki fèt, sòti 18-20 novanm 2011, nap gen yon sesyon fòmasyon pou kiwo ak jèn kap sòti nan tout pawas yo nan dyosèz la. Objektif fòmasyon an se kontinye mete plis gwoup nan dyosèz pou rive ede yo òganize Mouvman Kiwo a nan dyosèz avan lontan. Nou kontan anpil paske Monseyè André Pierre Dumas, Evèk Dyosèz ak tout pè yo angaje yo pou Mouvman Kiwo a rive rasanble epi fòme timoun ak jèn yo nan dyosèz la menm jan sa fèt nan tout lòt dyosèz yo. Nou di yo mèsi anpil pou tout sa a.

Jou kap 20 novanm 2011, se gwo fèt nou, se fèt Kris Wa, ki se patwon tout kiwo yo. Se pou tout dyosèz òganize pi byen make fèt sa a. Nou pral tou fete Fèt Kris Wa nan dyosèz Ansavo e Miragwann menm jou ak tout kiwo ak jèn kap soti nan tout pawas yo.

Nimewo Twonpèt la vin ak anpil fòmasyon ak enfòmasyon sou lavi Mouvman Kiwo a. Li gen anpil atik sou plizyè sijè ki konsène lavi kòm kiwo, kòm dirijan. Byen sèvi ak yo pou travay w, Dirijan. Pa bliye fè nou jwenn tout remak ak kesyon w yo. Pa tann moman bivwak pou fè sa a. Sa pral ede korije oubyen amelyore prezantasyon ak fon Twonpèt chak fwa li parèt. Mèsi davans pou kolaborasyon w.

Yon lòt fwa ankò nou swete w Bòn ane Kiwo 2011-2012, nou swete pandan tout ane sa a, nou fè tèm jeneral nou an gide nan tout sa nap gen pou n fè kòm aktivite, pwojè, pwogram anyèl, elt. Aprè 50an, Kiwo, Ann angaje n pi fon…Nan rebati peyi n!


BON ANE KIWO 2011-2012! BON FÈT KRIS WA 2011!





REFLEKSYON SOU NOUVO ANE KIWO A



Zanmi Kiwo nan kat kwen peyi ak lòt bò,


Nan okazyon nouvo ane kiwo 2011-2012 la, nou vle pran yon ti tan pou nou reflechi ak nou sou Lavi Mouvman Kiwo a pou ane ki sot pase a. Nou vle tou e sitou envite nou pou nou wè ansanm kouman nou kapab kontinye kore Mouvman Kiwo a pou ane kap vini yo. Si nou sonje byen, nou gen yon ane depi nou fete 50an Mouvman Kiwo a. Nou te fè anpil jèfò pou nou te prepare epi selebre gwo kokenn chenn evennman sa a nan nivo lokal, rejyonal, dyosezen epi nasyonal. Nou te gen kòm tèm 50an Kiwo: “Kiwo, 50an nan sèvis Kris la…Ann fete l nan renmen!”.

Tèm lan te ede n anpil pou bliye tout kalite pwoblèm nou yo nan nivo Mouvman an jeneral e nan peyi n ak Legliz nou. Nou te renouvle konfyans nou nan Kris la, li menm nou ap sèvi pandan 50 lane nan tout jèfò nou yo pou sèvi pi byen frè ak sè nou yo, sitou sa ki pi fèb yo, sa ki pi piti yo. Nou te fete ak anpil kè kontan malgre moman difisil yo tankou siklòn, inondasyon, aksidan, tranbleman tè 12 janvye 2010, epidemi kolera. Malgre tout dega tout katastwòf sa yo te fè, malgre tout kay ki te inonde oubyen kraze, malgre tout moun ki te mouri yo san bliye zanmi kiwo nou yo, nou te asepte kenbe men youn ak lòt nan renmen Kris la ki mete nou ansanm, ki rekonsilye nou nan kè poze Papa l. Nou te kwè toutbon vre renmen Kris la gen nou pi fò pase tout pwoblèm nou yo paske Kris la, kòm Chèf nou, li kanpe ak nou, se yon zanmi fidèl.

Nou te konprann 50an Kiwo a, malgre tout moman difisil peyi nou te viv, pat vle di kanpe ak angajman nou kòm Kiwo nan sèvis Kris la. Okontrè, se te yon okazyon nou te sezi pou n te afime enpòtans Mouvman Kiwo a
ni nan Legliz la ni nan sosyete sitou nan moman difisil yo.


Nou tout byen sonje kijan kiwo yo nan tout kwen peyi a, menm si yo te viktim, yo te mete yo san pran souf nan sèvis moun ki blese yo, sila yo ki pèdi kay yo ak byen yo. Yo te angaje yo toutbon vre pou patisipe nan distribisyon tant, manje, dlo ak tout moun ki te retwouve yo nan abri pwovizwa yo aprè tranbleman tè 12 janvye nan Pòtoprens, Jakmèl ak Okay. Yo te angaje tou nan mete plizyè aktivite nan kan pwovizwa yo tankou netwayaj, animasyon, lapriyè, akompayman sikolojik, jwèt ak timoun, kanpay kont kolera, elt.Plizyè Kiwo te patisipe nan kanpay konstwi ti kay pou moun ki pat gen kote pou yo rete aprè tranbleman 12 janvye 2010 la. Nou sonje tou kijan plizyè kiwo te patisipe nan netwayaj lekòl, lopital, legliz yon an vil Gonayiv aprè siklòn ak inondasyon.

Kiwo yo pat kite pawas yo. Okontrè ak Pè yo, yo te angaje yo pou mete lavi nan kominote yo, yo te bay anpil kout men pou lavi te kapab tounen nan pawas aprè 12 janvye 2010. Te gen anpil moman solidarite ak konsolasyon nan gwoup yo: dirijan yo te vizite fanmi kiwo ki te viktim yo. Komite dyosezen Kiwo yo te òganize plizyè sesyon fòmasyon pou ede dirijan yo konprann kòz tout katastwòf natirèl epi genyen yon konpòtman reskonsab devan tout menas sa yo. Nou te mete nou ansanm ak lòt mouvman jèn yo pou fòme Konsèy Nasyonal Jènès Ayiti(CNJH) pou nou pi byen defann enterè jèn yo. Nou te kòmanse yon patenarya ak Chiro Bèljik kote nou vle pèmèt echanj ant gwoup kiwo ak gwoup Chiro.

Nou te wè nesisite pou ranfòse Mouvman Kiwo a pou li ka toujou byen prepare pou akompaye timoun ak jèn yo tout tan, sitou nan moman difisil yo. Se konsa nou te chwazi kòm tèm pou 2010-2011: ‘’Kiwo, Ak fòs Lespri Sen… Annou kontinye travay pou yon Mouvman pi djanm’’.

Pou nouvo ane 2011-2012, nou chwazi kòm tèm: Kiwo, aprè 50an, Ann angaje n…Nan rebati peyi n! Zanmi Kiwo, angajman nou kòm kiwo pa depaman ni ak sitiyasyon peyi nou ni ak reyalite Legliz nou an. Nou sitwayen peyi a avan nou Kiwo. Nou kretyen, nou manm Legliz la avan nou Kiwo. Poutan se Kiwo a ki ede n byen viv tankou sitwayen peyi n ak manm Legliz nou an. Sa vle di, tout sa ki gen pou wè ak pwogrè peyi n ak byen Legliz, dwe enterese nou anpil anpil. Si nou te travay anpil, ak konkou Lespri Sen pou yon Mouvman pi djanm, se pou nou rive angaje pi fon nan tout jèfo kap fèt nan tout nivo pou rebati peyi nan lapè pou yon devlopman dirab. Se pou nou rive pi fon toujou nan Legliz nou an, pou li vin yon Legliz misyonè, yon Legliz ki ap travay pou piyay lavi tout pitit Bondye yo, daprè lespri Dokiman Aparesida.

Zanmi Kiwo, preske dezan aprè Tranblèman tè 12 janvye 2010, nou wè bagay yo poko chanje: anpil frè ak sè nou yo toujou ap viv anba tant nan kondisyon nou tout konnen, lavi a toujou chè, anpil moun toujou ap viv san travay, san manje san edikasyon, san swen lasante, anviwònman peyi a nou an fin detwi nèt, pa gen ase pyèbwa, pa gen kanal pou kenbe dlo, chak lapli lakòz anpil kay ak wout koupe oubyen inonde, fatra pa janm jwenn vre plas li, plizyè maladi espesyalman kolera menase lavi moun. Gen ensekirite ki menas lavi ak byen moun yo, gen ensekirite tou sou wout nou yo, anpil aksidan sitou ak motosiklèt yo.

Jèn yo ki se yon gwo moso nan popilasyon an lage pou kont yo: non sèlman yo gen anpil difikilte pou peye lekòl, lè yo fini yo pa kapab jwenn travay, anpil fwa yo mande yo eksperyans travay si yo pa eksplwate tout jan oubyen mennen yo nan tout sa ki pa sa tankou koripsyon, postitisyon, dwòg, kidnapin, zenglendo, elt. Nan nivo Legliz la, gen anpil jèfò ki fèt men manke yon vre angajman pou chanje lavi a. Imaj Bondye moun yo genyen pa mache ak reyalite lavi yo. Nan moman tranblèman tè 12 janvye 2010, gen moun ki tap di: ‘’Bondye pini nou poutèt peche nou yo’’. Moun yo bliye reskonsablite yo kòm moun, kòm kretyen devan tout sa Bondye konfye nou: lakreyasyon an.

Zanmi Kiwo, sitiyasyon sa a difisil anpil pou anpil moun. Poutan, se pou fè fas ak reyalite sa a, nou chwazi tèm sa a pou ane 2011-2012: Aprè 50an, Kiwo, Ann angaje n…Nan rebati peyi n! Se vre kòm Mouvman Kiwo a, nou pa kapab rebati tout peyi a men nou kapab patisipe ak sa nou ye ak sa nou genyen nan rebati l pi byen. Paske Rebati peyi n pi byen mande yon konbit kote tout moun dwe mete men. Genyen yon gwo diferans ak Pou rebati peyi ak Nan rebati peyi n. Nan premye ka, sa ta vle di se nou menm ki ap rebati peyi a tandiske nan dezyèm, se ansanm ak lòt pou nou rebati peyi n. Se konsa ak tèm sa a, nou vle kontinye angaje pi fon toujou, menm aprè 50an, pou nou kore tout jèfò ki fèt toutan e tout kote pou peyi n rive rebati nan enterè tout pitit li yo.

Rebati peyi a se gwo kokenn chenn pwojè. Nou pa konn konbyen tan sa kapab pran. Men nou konnen se chak jou nou rebati peyi n. Rebati peyi n vle di fè peyi nou an tounen yon peyi kote moun viv nan kè poze ak nan jistis youn ak lòt, kote tout moun jwenn tout sa yo bezwen pou viv tankou moun toutbon vre (manje, sante, edikasyon, travay, kay), kote Leta ak Legliz ak tout lòt enstitisyon angaje yo nètale pou tout moun viv daprè dwa ak devwa yo genyen nan yon anvonnman ki sen, ki pwòp. Kiwo, se pou nou angaje pi fon toujou nan legliz nou, nan pawas nou yo. Se sèl bagay lè nou devlope bon jan relasyon ak tout lòt manm pawas nou yo, lè sa a nou kapab kolabore ansanm ak yo pou nou rive fè kominote pawasyal nou yo tounen pi misyonè kote gen piyaj lavi pou tout moun san pas pouki.

Mouvman Kiwo a ki se yon Mouvman anndan Legliz la. Li bay tèt li kòm objektif fè timoun ak jèn yo viv nan Kris la pou yo tounen bon kretyen ak

bon sitwayen nan sèvis peyi ak Legliz yo. Konsa kontinye fòme, akompaye timoun ak jèn yo pi byen anndan Mouvman Kiwo se mete men nan rebati peyi n. Paske moun ki byen fòme se yo menm ki kapab itil peyi a nan tout sa li bezwen pou li vin yon kote kote tout moun viv byen youn ak lòt nan respè tout sa Bondye konfye yo a (Anviwonnman). Angaje n nan rebati peyi n mande pou n kontinye ranfòse Mouvman Kiwo a nan òganizasyon li, nan fonksyonnman li, nan planifikasyon ak
evalyasyon li. Se angaje n pou respekte epi viv tout prensip Mouvman Kiwo a. Bonjan gwoup kiwo kap byen fonksyonne, bonjan komite rejyonal kap byen ankadre gwoup yo, bonjan Komite dyosezen kap anime, fòme gwoup ak rejyon .yo pi byen, yon Bon jan Konak kap byen panse pou Mouvman, yon Bon jan Biwo Nasyonal Kiwo kap egzekite epi fè swivi desizyon Konak la.

Li lè li tan pou nou pa rete ap gade, li lè li tan pou nou rezoud pwoblèm nou yo nan lapè ak nan respè youn pou lòt, li lè li tan pou nou mete nou ansanm ak lòt moun, ak lòt jèn pou nou rebati lavi Bondye vle pou tout pitit li yo nan peyi a. Se pou nou kontinye reflechi nan nivo tout enstans Mouvman Kiwo a pou nou wè ki analiz, ki jijman nap pote sou reyalite peyi n, se pou nou gade ki aktivite, ki aksyon, ki pwendaksyon nap reyalize pou nou kapab rive rebati peyi n nan tout dimansyon li yo dabò kote nap viv yo, nan reskonsablite nou yo kòm jèn, kòm kiwo, kòm sitwayen ak kretyen. Nan tout travay la, ann rete kole sou Kris la, ki se modèl nou ak fòs nou, malgre fèblès nou yo kòm moun.Wi, nou kapab ak Kris la ki kanpe ak nou. Rebati peyi n se zafè nou tout. Ann pa neglije tout fòmasyon, tout valè nou jwenn nan Mouvman Kiwo a.

BON KIWO 2011-2012! BON FÈT KRIS WA 2011! BON ANE 2012!

TEM JENERAL POU ANE KIWO 2011-2012

APRE 50 AN, KIWO, ANN ANGAJE N...NAN REBATI PEYI N!

Zanmi kamarad kiwo nan 4 kwen peyi d Ayiti ak lòt bò dlo, yon bèl salitasyon pou nou tout. Jan nou tout nou ka konstate l la, nan yon bat je ane 2010- 2011 lan deja fini sou nou. Pandan ane ki sot pase la, nou te pran rezolisyon pou n te kontinye kite fòs Lespri Sen an gide nou nan tout aktivite nou anndan Mouvman an, pou n te kapab ranfòse li, fè li vin pi djanm, nan legliz la ak nan sosyete a. Pou nouvèl ane sa a, lè nou gade tout otou nou, nou wè kouman sitiyasyon peyi nou ye depi nan ane 2010, sitou aprè tranbleman sa a tè ki te detwi lavi anpil kretyen vivan epi mete enstitisyon nou yo ajenou. Ebyen nou wè depi lè sa a, pa vrèman gen pwogrè ki fèt nan sosyete nou an. Nou pa di pa gen efò ki fèt, men efò yo manke pote fwi.

Nou gen anpil moun ki gen volonte men nou manke angaje nou tout bon nan travay la. Konsa pou ane sa a kote nou fin fete fèt 50 an egzistans nou nan peyi a, konsèy nasyonal kiwo a ap lanse yon apèl bay tout kiwo nou yo pou yo kapab rive pran reskonsablite yo tout bon kòm kiwo. Mouvman Katolik aksyon pawasyal pou n pa bliye misyon sosyal nou genyen nan deviz < Sèvi Kris la, peyi n ak pwochen nou> Konsa, tout kiwo aprè n fin savoure fèt 50 an, an angaje pou n kab rebati peyi n.

Aprè 50 an kiwo, Ann angaje n … Nan rebati peyi n!

Pou n rebati peyi n, se pa nan kontriksyon chèltè sèlman. Chèltè a genyen tout enpòtans li, men eske n ka konstwi yon peyi an chèltè? Non nou panse premye bagay pou n fè jodi a se rekonstwi fason nou panse a. Nou bezwen chanje mantalite nou. Anpil fwa nou vin ap di : ‘’depi n gen 2 pyès kay nan Pòtoprens, o nou pa gen pwoblèm’’. Men se nan ki kondisyon nou genyen 2 pyès kay la ? Ki kote nou genyen li ? Nou fè dap piyanp sou tè lòt moun, nou monte sou tèt mòn yo nal konstwi, nal konstwi kay nan nan ravin yo. Nap fè bezwen nou nan ravin ak lòt bò rivyè yo. N’ap fè bezwen nou nan sachè nwa lage l nan lari a.. Nou kole de grenn blòk pa gen fè, pa gen siman, pa gen senti pa gen anyen epi nou di nou gen kay. E l lè tranbleman tè pase ankò oubyen lè siklòn vini ? Atansyon nou paka bati kay pou bati kay oubyen pou nou fè wè nou gen kay. Fè wè pa dire, si se konsa nap toujou viktim, na’p toujou nan kriye. Kifè nou menm kiwo ki se yon Mouvman jèn ak timoun nan

Legliz la ak sosyete a, nou bezwen n angaje n pi plis nan sèvis peyi nou, menm jan nan angaje n nan legliz la. Aprè 50 an, tout kiwo rekonèt sa e tout moun wè l. Nou menm kiwo, se nou ki pou bay legliz la gou, ansanm
ak tout lòt moun ki manm Legliz la. Nou se sèl legliz la. Nou dwe angaje n tou pou sèl la pa pèdi gou li. Si sèl la pèdi gou li, se jete yap jete li, nan sans sa nou pa dwe bliye misyon n, nou gen reskonsablite pou n aprann chak moun kap viv bò kote nou ki jan Bondye vle pou nou viv tout bon kòm moun, kòm pitit Bondye.

Nou gen reskonsablite pou n fè fòmasyon sivik ak lijyèn popilasyon bò kote nou yo. Nou dwe kontribye nan edikasyon seksyèl jenès nou an. Twòp timoun ansent anba laj. Nou pipi kote n jwenn, jan n jwenn. Nou jete fatra kote n jwenn, nou koupe pye bwa kote n jwenn, nou bati kay nou kote n jwenn. Gen yon kote n te rive, nou wè majistra peye moun pou bale lari a, men ki kote yal jete fatra yo, se nan larivyè a. Ou fin pwòpte lari a epi wal sal rivyè a. Wap kontamine dlo rivyè a anpil moun ap benyen ladan oubyen lave. Se pa posib, bagay sa yo pa bon. Konpòtman sa yo merite chanje, se sak fè nou bezwen rekonstwi moun yo tou. Nou bezwen repanse mantalite nou. Nou bezwen yon lòt mantalite pou yon lòt sosyete, yon sosyete jis, korèk, pi fratènèl.

Aprè 50 an kiwo, Ann angaje n … Nan rebati peyi n!


Modòd Mwa Novanm 2011

KIWO NOU SE SÈL…NAN LEGLIZ LA !

Tokay nan lane 2007- 2008 nou te gen yon tèm ki di : Ann chache … Visaj Kris la ! Nou menm kiwo pou n pat rete ap gade ni anlè ni atè, se nan frè n ak sè n yo nou tap chache l, nou chak nou reprezante Kris la sou tè a. Se nan fason sa a nou kapab di kiwo nou se sè l … Nan legliz la !
Sèl la nou sèvi avè l pou plizyè bagay :

· Pou bay manje gou
Nou menm kiwo kòm kretyen batize kap kolabore nan litiji, nan katechèz, nan diferan sakreman yo ak aktivite nan legliz la, nou dwe ede moun yo, pou yo pi renmen sa n’ap selebre a. Pou yo ka dekouvri prezans Bondye nan mitan nou. Se nan aksyon n ak konpòtman n e tout kote nou ye ki pral fè lòt moun yo gen gou pou yo vini e patisipe nan aktivite legliz la.
· Pou konsève manje
Sèl la nou sèvi avè l pou konsève vyann ak pwason, nou menm kiwo kretyen batize nou dwe ede moun yo a konsève lafwa yo. Tout sa nou fè e tout sa nou di dwe kontribye, fè moun yo pi atache e viv pi byen la fwa yo andan legliz la, nou pa dwe yon siy divizyon anndan legliz la. Okontrè nou dwe rekonsilye e ankouraje fidèl yo pou vin pi pwòch youn ak lòt, pi pwòch Bondye.

Konpòtman nou ak aksyon nou pa dwe distrè moun yo anndan Legliz la. Nou pa dwe rive anreta nan Legliz la ni pale ni ak lòt moun oubyen pale nan telefòn. Nou dwe evite tout jès oubyen kompòtman ki kapab detounen atansyon moun yo. Lè yo mande n yon sèvis nan selebrasyon anndan Legliz la, nou dwe fèl byen, kite se lekti, chante, fè mim, fè anfankè, elt. Si nou nan akèy, se pou nou dispoze n pou byen resevwa moun yo.

Sonje kiwo nou se pòtre Kris la, nou dwe yon modèl pou lòt jèn yo paske jèn yo se avni legliz la ak peyi nou. Se pou konpòtman nou, pawòl ak aksyon nou yo pouse lòt moun fè byen. Fòk nou viv vokasyon kòm batize, kòm prèt, pwofèt ak Wa. Fòk nou travay pou Peyi Kote Bondye Wa rive nan kote nap viv yo, nan kominote nou yo. Fòk nou veye pou tout moun viv byen sitou sak pi fèb yo, sa ki pòv yo, elt. Tout kote nou ye, nou ta dwe fè jèfò pou tounen patizan lavi, kèk poze, renmen, jistis pou tout moun Bondye mete sou wout nou.

Kiwo nou se sèl … Nan Legliz la ! Pwiske nou reprezante Kris la nou se pòtre l tou, nou ka di kiwo nou se sèl lavi a.


MÒDÒD DESANM 2011


JEZI VINI...POU LAVI TOUNÈF!
Tokay kiwo nan kat kwen peyi Ayiti kou lòt bò dlo ekip la antre lakay ou pou n reflechi sou modòd mwa desanm nan: ‘’Jezi vini ... Pou lavi tounèf’’.

Pou nou menm kiwo, pou viv lavi tou nèf Jezi vini pote ba nou an, li enpòtan anpil pou n obsève e mete an pratik pawòl Jezi yo. ( Jan 3 v 16) Bondye tèlman renmen nou li ba nou sèl grenn pitit li a, konsa tout moun ki kwè nan li ap gen lavi kap dire pou toutan.

Matye 7 v 21 se pa moun k’ap di Granmèt, Granmèt k’ap antre nan wayòm Bondye a men se sa ki fè volonte Papa a. ( Mat 19 v 16-17) E se repons sa a tou, Jezi di jenn nonm rich la si ou vle antre nan lavi a..

Mete anpratik kòmandman yo, Jezi pale pi klè toujou nan ( Matye 25 v 31-46) kote nan dènye jijman an, Bondye pral jije nou sou sa te fè pou pitit yo. Kifè se pa lafwa sèlman ou byen legliz nou ki pral sove nou men se yon lafwa ki makonnen avèk la charite. E se poutèt sa apot Jak di :< Menm jan kò a san Lespri a li mouri, se konsa tout lafwa san bon zèv, li mouri ( Jan 2v 26).

Si w se yon kretyen < Katolik ki rete kole ak legliz nan vil wòm nan, se Jezi Kri, pitit Bondye a kite fonde relijyon w lan, nan lane 33. Nou menm

kiwo nou se menm swasant douz disip Jezi te chwazi pou kòmanse bati legliz la ( Lik 10 : 1-2) sou douz Apòt yo ( Mak 3: 14-19) avèk Pyè kòm chèf ( Mat 16: 18-19) se legliz sa a kite pran konsyans li egziste tout bon vre, gwo jou pankòt la, lè Pyè pran la pawòl pou l deklare: “Nonm nou te kloure sou kwa a se li menm Bondye fè granmèt, se li menm Bondye fè Kris la, ( Trav Ap. 2v 36) se Jezi Kri ki modèl nou, se pou li n’ap fè disip epi li avèk nou jou k sa kaba. Al fè disip pou mwen nan tout nasyon, batize yo nan non papa a, pitit la ak lespri sen an. Montre yo pou obsève tou sa mwen te ba nou lòd fè sonje sa byen, mwen avèk nou toulèjou jouk sa kaba (Mat, 28 : 19-20)

Zanmi kiwo jodi a si nou gade sitiyasyon peyi n ou ta mande eske nou pa pèdi idantite n ?
Aprè yo 50 an depi nap swiv Jezi Kri, nou dwe panse a rebati peyi a sou yon lòt fondasyon, kote nou tout konsène nan poze bon aksyon, angaje n tout bon pou sa chanje. Se lè a nou kapab di tout bon : ‘’Jezi vini … Pou lavi tou nèf ‘’.

samedi 27 août 2011

CHAPO BA, MODOD SEKTANM E OKTOB 2011

TWONPET SEKTANM-OKTOB 2011
CHAPO BA
MODOD SEKTANM OKTOB 2011
PATENARYA CHIKIRO

CHAPO BA

“Ni Bivwak ni Kan te byen pase pou ane sa a’’. Se ak mesaj la, nou salye tout dirijan yo, pandan nap prezante yo Nimewo Twonpèt Sektanm/ Oktòb 2001 la. Se yon mesaj yon dirijan voye pou nou pou fè nou konnen tout gwo eksperyans sa yo te byen pase pou li. Nou espere, dirijan, ou te genyen chans pase yon bon moman ni nan kan gwoup la ni nan bivwak la dyosèz la. Tout sa n te viv, tout fòmasyon ak enfòmasyon, tout bèl eksperyans, tout bèl rankont yo, nou dwe pataje yo ak lòt yo : Tokay dirijan n yo, Kire pawas la, paran kiwo yo, KRK, KDK, BNK, elt. Se konsa modòd sektanm di: Nou sot pran bon fòmasyon kiwo… Pataje l ak lòt yo!

Bivwak ak kan yo se yon moman Mouvman Kiwo a mete an plas pou bay timoun ak jèn yo bon jan fòmasyon. Anpil kote jèn yo ap plenyen yo manke fòmasyon, yo manke ankadreman. Nou panse Mouvman Kiwo a fè anpil jèfò pou asire bon jan fòmasyon ni nan kan ni nan bivwak yo e sitou nan dokiman fòmasyon nou pibliye pou dirijan yo. Se pou nou byen òganize tout moman fòmasyon sa yo e sitou pran tout sa ki bon ladan pou n kapab itil tèt nou ak sosyete a.

Jan nou wè li, se denyè nimewo twonpèt pou ane 2010-2011 la. Nimewo sa a make fen ane kiwo 2010-2011 kote nou te gen pou tèm jeneral: Kiwo ak Lespri Sen an…Nap kontinye travay pou yon Mouvman pi djanm!

Nou twouve la nan tan pou nou evalye fason nou te viv tèm jeneral nou an ak tout sa nou te reyalize kòm aktivite, tout sa nou te poze kòm aksyon pou fè gwoup kiwo nou an ak Mouvman Kiwo a vin pi djanm. Li enpòtan pou n fè evalyasyon sa a paske se li kapab fè wè aklè nan ki pwen nou ye ak ankadreman timoun ak jèn yo anndan gwoup la. Konsa nap kapab wè ki travay ki merite fè pou gwoup la kapab vin pi djanm toujou. Misyon n poko bout…Nou fenk kòmanse travay! Menm si nou rive nan fen ane 2010-2011, travay nou ap toujou kontinye, wi fòk n kontinye pou kapab soutni tout jèfò ki fèt deja dwe ede n pou n ka kenbe gwoup la ak Mouvman Kiwo a pi djanm toujou.

Moman evalyasyon dwe ede nou planifye aktivite ak aksyon pou ane kiwo ki pral kòmanse nan mwa novanm lan. Se sa nou rele yon pwogram anyèl chak gwoup bezwen fè pou li rive byen fonksyone. Li enpòtan tou



pou gwoup la panse renouvle abònnman Twonpèt pou tout dirijan li yo epi tou fè tout manm li yo jwenn kat idantifasyon nasyonal kiwo a. Gwoup la kapab wè si li gen 3 delege ki reprezante nan Komite rejyonal li(KRK) epi tou si gen 2 reprezantan rejyon li an ki reprezante l nan Komite Dyosezen an(KDK). Fòk gwoup la konnen tou 3 delege dyosezen ki reprezante l nan Konsèy Nasyonal Kiwo a (Konak).

Nan nivo nasyonal, depi jiyè gen plizyè bivwak ki òganize nan dyosèz yo, plizyè dirijan patisipe ladan e manm BNK tou. Nan pwochen nimewo, nap genyen pou bay yon rapò sou tout bivwak yo kòm yo tout poko fin òganize.

Gen kèk pwen nou vle mete devan n. Premye se patenarya Mouvman Kiwo a pral kòmanse ak Chiro Belgique a pati premye sektanm 2011 pou 3 zan. Nan tout dyosèz kote nou pase deja, nou te gen chans pataje tout enfòmasyon, kritè ak kondisyon konsènan patenarya sa a. Nap jwenn tout enfòmasyon nan nimewo Twonpèt sa a, kote nou louvri yon ribrik pou tout echanj kap fèt nan kad patenarya sa a. Patenarya se yon moman echanj sou tout sa ki kapab ede n konprann pi byen Chiro Bèljik nan òganizasyon li, fonksyonnman li , objektif li ak tout aktivite li yo. Nou ta swete tout gwoup yo ki pral angaje nan patenarya pou yo sèvi ak tout echanj, konesans ak eksperans pou yo vin pi djanm.

Nou jwenn anpil plent konsènan Twonpèt la : gen gwoup ki fè abònnman men ki pa rive jwenn li menm, genyen gwoup ki jwenn toujou an reta, prezantasyon Twonpèt pa fè anpil moun plezi, gen dirijan ki mande pou modòd yo pibliye sou website Kiwo a. Nou kòmanse reflechi ak tout KDK yo pou eseye rezoud tout pwoblèm sa yo. Nou fè yon amelyorasyon nan prezantasyon Twonpèt la. Nap travay pou tout gwoup yo fè abònnman Twonpèt la epi jwenn li nan tan yo sipoze jwenn li pandan lap respekte dat pou l renouvle twonpèt la.

Nou swete bon chans ak tout kiwo ki te konpoze pou Nevyèm ane, Reto ak Filo. Nou swete tou yon nouvèl eskolè pou tout kiwo yo menm si yap reprann chemen lekòl jou kap 3 oktòb 2011 la. Nou pap bliye tout kiwo ki pral kòmanse Inivèsite, nou swete yo bon kouraj. Ann tout kontinye travay, ak Konkou Lespri Sen an, pou yon Mouvman Kiwo pi djanm.
Ankouraje !


MODOD SEKTANM 2011

Nou sot pran bon fòmasyon kiwo… pataje l ak lòt yo!

Zanmi kiwo nan kat kwen peyi a kou lòtbòdlo, yon gwo kout chapo pou nou! Yon lòt fwa ankò ekip twonpèt la kontan chita pou reflechi ansanm ak nou sou modòd mwa sektanm sa a ki se :<< Nou sot pran bon fòmasyon kiwo… Pataje l ak lòt yo>>.

Zanmi kiwo nou nan ete. Nan epòk sa a, nou jwenn anpil aktivite nan gwoup yo, rejyon ak dyosèz paske se vakans. Vakans se moman pou tout gwoup yo fè aktivite tankou: joune, kan, piknik, sesyon fòmasyon, elatriye. Jan nou sot di l la nan moman sa a tout dyosèz yo pwofite òganize Bivwak. Bivwak se yon kan fòmasyon chak dyosèz òganize pou dirijan ki nan dyosèz li, se moman sa a dyosèz yo pwofite kontinye fòme dirijan yo, li ede yo fòme karaktè yo, li ede yo konprann pi byen baz Mouvman an, sa vle di tout fòmasyon, tout prensip ak valè Mouvman pwopoze ba yo.

Se moman tou pou dirijan yo pataje youn ak lòt savwa ak esperyans yo nan Mouvman an. Fè konesans ak lòt dirijan ki nan menm dyosèz ak yo. KDK yo dwe chita pou byen reflechi epi chwazi yon pwogram ki rich ki mache ak kan fòmasyon sa a, san yo pa kite baz Mouvman an, ak Kris la ki se sèl bousòl nou.



Sa ki pi enpòtan se pou dirijan yo byen pran fòmasyon nan bivwak yo paske se gwoup yo ki voye yo reprezante yo. Moun sa yo gwoup yo chwazi yo kòm delege dwe konpran byen kisa yo vin fè, paske gen lòt dirijan ki rete dèyè kap tan pou yo vin pataje ak yo sa yo sot pran nan kan fòmasyon sa a. Sa vle di yo dwe moun ki byen dispoze pou resevwa fòmasyon sa a, byen pran sa wap pran, yo dwe tou moun ki ouvè ak kominikasyon, ki pa egoyis se pa moun kap kenbe tout sa yo te pran kòm fòmasyon pou yo sèlman.Se moun ki ouvè pou pataje ak lòt yo sa yo sot pran.
Se konsa dirijan ki pat gen chans al patisipe nan kan fòmasyon sa a, yap kapab resevwa menm fòmasyon nan men dirijan ki te gen chans al patisipe yo menm, yap kapab santi yo nan menm anbyans bivwak la. Ya resevwa fòmasyon sa a byen paske moun kap ba li yo a te resevwa l byen epi li pataje l byen.

Zanmi kiwo si nou vle jwenn tout bon inifòmite nap chache nan Mouvman an nou an, pou le Nò, Sid, Lès, Lwes pou n pa di tout depatman yo. Lè yo reyini pou yo fè menm bagay pou nou youn sanble ak lòt kòm kiwo sann pa depaman lè nou sot pran bon fòmasyon kiwo…pataje l ak lòt yo.


MODOD OKTOB 2011

Misyon n poko bout…Nou fenk kòmanse travay!

Zanmi dirijan nan kat kwen peyi a ak lòt bò dlo nou wete chapo n byen ba pou n salye nou nan non chèf nou an Jezi Kri.
Ekip lan kontan rantre lakay nou pou l prezante n ribrik pa nou an. Si gen yon kòmansman fòk gen yon fen, fen sa pa vle di nou fin travay nan Mouvman kiwo an. Men fen sa anonse lane 2010-2011 kiwo an rive nan bout li. Se rezon sa menm ki fè ekip lan fè chwa modòd sa ki se:

Misyon poko bout --- Nou fenk kòmanse travay!
Menm si nou ta kite tè sa jodi a, Mouvman Kiwo an pa ka elimine. Nan sans sa frè ak sè kiwo n yo, nap fè tout sa n kapab pou Mouvman an toujou briye, rete ak menm chalè l lan nan dènye rakwen nan peyi an. Nou rive nan moman pou n fè yon dènye evalyasyon sou kòman nou te viv lane kiwo sa e kòman nou pral antre nan lane kap vini an.

Partenariat Chiro-Kiro: Comment participer?


Patenarya Kiro-Chiro: Chikiro: eksplikasyon, objektif, kondisyon patisipasyon, elt.

Ekstrè règleman patenarya

I.Entwodiksyon

Apre anpil mwa chita pale, Chiro Beljik ak Kiwo Ayiti deside kòmanse yon patenarya a pati premye sektanm 2011 kap dire 2 zan ki posib pou renouvle. Patenarya sa ap kòmanse ant gwoup yo avan, apre sa a, si



posib lap fèt ant rejyon epi dyosèz. Tèm patenarya a se : « Ann met tèt ansanm poun vanse douvan.» Nan yon premye tan yap chwazi 30 gwoup Kiwo pou kòmanse patenarya ak 30 gwoup Chiro. Men tout gwoup ki enterese kapab pase enskri nan dyosèz li avan 15 oktòb 2011.

I.1 Objektif patenarya a.

Objektif jeneral patenarya a se pèmèt plizyè echanj sou sa ki konsène enfòmasyon jeneral sou 2 peyi yo (Ayiti, Beljik) sou konesans òganizasyon 2 Mouvman yo, pwogram fòmasyon yo ak diferan aktivite yo reyalize nan objektif pou akonpaye timoun yo, jèn yo dapre defi k peyi yo prezante. Se sa ki fè, Mouvman Kiwo Ayiti angaje a travè komite patenarya a pou akompaye trajè a pou diferan echanj yo kapab ede gwoup lokal yo nan bon òganizasyon yo, men plis toujou, pou ranfòse kapasite planifikasyon, fòmasyon ak òganizasyon yo.

I.2 Non ak sa patenarya gen ladan li

Patenarya a batize sou non « CHIKIRO », 2 Mouvman yo mete ansanm ak diferans yo ki se CHI epi KI epi resanblan
s yo ki se RO pou kolabore epi pèmèt jèn Beljik ak Ayiti fè echanj, kominike antre yo, pataje, elt. Patenarya a gen ladan li echanj enfòmasyon, fòmasyon, dokiman, materyèl avèk eksperyans nesesè pou bon fonksyonnman Mouvman yo Genyen tou posiblite pou 2 Sekretarya Nasyonal (Kiwo, Chiro) yo òganize vizit nan 2 peyi yo.

I.3 Mwayen kominikasyon patenarya a.

• 2 magazin yo « Twonpèt » (Kiwo Ayiti) ak « Dubble Punt » (Chiro Beljik) ap sèvi pou pataje evolisyon ak konsiy patenarya, nouvèl gwoup kap patisipe yo. Tout gwoup ak tout Kiwo kapab fè kòmantè oswa obsèvasyon sou dewoulman patenarya a.
• Website (www.mouvevementkirohaiti960.blogspot.com) ak email Kiwo a… Kapab sèvi adrès pou echanj kap fèt ant gwoup yo ak Sekretarya Nasyonal Kiwo a espesyalman komite patenarya a.
• Kominikasyon an kapab fèt tou pa nimewo telefòn, email, vizit Sekretarya Nasyonal la ak gwoup angaje nan patenarya a.

I.4 Kondisyon pou kenbe pandan patenarya a

Tout gwoup Kiwo kapab patisipe nan patenarya a dirèkteman oswa endirèkteman a kondisyon yo respekte konsiy sa yo.
i. Tout gwoup ki vle patisipe nan patenarya a dwe prezante fich idantite yo bay Komite Dyosezen lakay li devkwa pou yo rive nan Sekretarya Nasyonal Kiwo a avan 15 oktòb 2011.

ii. . Fich sa yo dwe byen prezante nan bi pou enterese gwoup korespondan Chiro Beljik yo. Fich sa yo dwe gen efektif gwoup la, yon kout istwa, sitiyasyon Jeografik, orè rankont yo, pwogram anyèl, diferan aktivite ak reyalizasyon, espesyalizasyon zòn nan, elt.
iii. Patisipan ki vle entegre nan patenarya a dwe respekte diskresyon epi evite bay enfòmasyon pèsonèl avèk gwoup ki pa nan patenarya yo, tankou: telefòn, adrès, email pèsonèl, etc… sof avèk komite patenarya Sekretarya Nasyonal Kiwo yo kapab fè echanj sa yo.
iv. Patenarya a pa dwe sèvi okazyon pou regle koze pèsonèl tankou pale de sa ki pa antre nan kad patenarya a, mande lajan osinon bous etid, mande pou fè vwayaj pèsonèl pou ale Beljik…
v. Tout lèt yo dwe al jwenn gwoup korespondan an ekri an fransè sou lojisyèl Word ak yon langaj ki klè epi kap fasil pou gwoup korespondan an kapab konprann.
vi. Gwoup ki vle kapab bay komite patenarya a yon kopi lèt yo. Men chak fen mwa tout gwoup san eksepsyon dwe bay komite patenarya a yon rapò korespondans lan pou yo kapab pibliye l’ nan 2 magazin yo (Twonpèt, Dubble Punt).
vii. Si yon gwoup patisipan pa gen aksè ak entènèt nan zòn kote li ye, fòk anvlòp li itilize a prezantab epi ekriti a byen lizib. Lèt yo dwe poste daprè tarif yo ekzije a. Gwoup ki vle kapab mande Komite patenarya poste lèt yo pou yo. Chak gwoup dwe gen yon komite ki pou reskonsab dewoulman patenarya a.
viii. Tout gwoup kap patisipe, dwe gen sans reskonsablite lakay yo epi yo dwe pran angajman yo o serye. Tout gwoup ki pa respekte règleman sa yo ap pran gwo sanksyon e kapab deyò nan kous patenarya a.

NB. reyisit patenarya a depann, an patikilye, de chak gwoup kap patisipe; pou sa “an n met tèt nou ansanm pou n vanse pou pi devan” pou n kap reyalize objektif patenarya a.


Sou fraz sa a komite patenarya ap salye nou jodia pou’l prezante nou yon rapò global sou tout sak te pase nan diferan rankont yo.
Men non manm yo :

NON PRENON TELEFON GWOUPE EMAIL
PE Alexandre Kakolo Beya, 3657-99-12, Kiro d’Haïti
V. Joseph Alexandra,37-32-21-90 St Pierre P.V, alexanosner@yahoo.fr
Jean Jacques Claudinette, 37-71-59-12, Cite Soleil, didine 40180@yahoo.fr
Alexis Clotilde, 34-55-92-08, Ste Marie climatilde@live.fr
Adentus Roberson, 37-33-60-85, Ste Claire Petite P Cazeau P.P.C
Louis Jeune Hyadelie, 39-13-1027, Lilavois hyadelie08@yahoo.fr
Jean Marc Donald, 36-83-61-58, St Gérard marcdonaldjean@ymail.com
Fleurismé Barbara, 37-77-11-39, Croix des missions, Mariefleurismé@gmail .com
Saint Aimé Lecsensky, 38-18-74-49, St Ard LecsenskySaintAime@yyahoo.fr
Fortin David 36-79-23-82, Mon Carmel, Fortyloved@yahoo.fr
Volcy Gregory 37-09-34-61 St Joseph ?
Sylla Roberto 37-16-35-6 St Pierre P.V ?


Depi jou ki te 7 Jen 2011 lan plizyè manb kiwo volontè sòti nan divè chapèl ak pawas te reponn prezan nan plizyè rankont komite a te fè nan lokal Sekretarya Kiwo a pou diskite ak travay sou plizyè pwen nan lide pou patenarya mache byen ak nan lòd.
Pou komite a nou genyen :


• Koòdinasyon : Pè Alexandre Kakolo Beya, V.Joseph
Alexandra, Jean Jacques Claudinette
• Sekretè : Alexis Clotilde
• Sekretè adjwen :Adentus Roberson
• Trezoryè : Louis Jeune Hyadelie
• Korespondans : Fortin David, Jean Jacques Claudinette, Jean Marc Donald
Men kèk pwen ak detay yo :
Non patenarya
Non ki kenbe pou patenarya se’’CHIKIRO’’ ki konpoze ak non 2 Mouvman yo kiwo Ayiti ak Chiwo Bèljik.

Logo
Pou logo a Mouvman yo ap travay sou li.
Slogan

‘Unissons-nous pour avancer vers l’avenir’.

Slogan training

‘’Men ale men dire fè zanmi dire’’.

Mwayen motivasyon

Kòm mwayen motivasyon komite a te fè yon deskripsyon de patenarya nan bilten bimansyèl la kise ‘’Twonpèt’’. Ak nan revi jèn an aksyon’’. Nan rankont ak KONAK’’, nan ;’’bivwak fòmasyon yo. Komite a fòme yon komisyon kite gen pou misyon mete reprezantan dyosèz yo okouran de patenarya yon fason pou yo ka motive gwoup ki nan dyosèz yo.

Objektif

Objektif patenarya se gen yon echanj kominikasyon ak korespondans ant gwoup yo san yo pa bezwen vwayaje.
Gwoup kap patisipe yo ap gen yon echanj dirèk ak lòt gwoup yap koresponn nan, men yap gen pou bay yon rapò chak mwa ak komite koòdinasyon an.

Lansman

Pou lansman patenarya tou de Sekretarya yo ap poze yon bilan estatistik de peyi yo sou plan : Potitik, jewografik, demografik, pla tipik, kilktirèl, ekonomik. Pou patenarya kapab mache byen komite a mete sou pye kèk prensip: Règleman, Kritè, ak fomilè pou enskripsyon yo. Ap gen reprezantan patenarya nan dyosèz yo pou vizyalize travay gwoup ki nan jimlaj yo.

NB. Komite ap kòmanse ak yon videyo pou’l salye kiwo Bèljik yo.
• Pou chwa gwoup yo komite Dyosezen yo ap gen pou chwazi gwoup ki kapab patisipe nan patenarya.
• Nap jwenn fòmilè enskripsyon yo nan bivwak yo epi nan men KDK.
• Nap jwenn email pou jimlaj la nan pwochen rapò a.
Tout gwoup ki vle menm sil pa nan jimlaj la kapab poze kesyon ou kòmante sou patenarya.

Email Komisyon patenarya: chikiropartenariat2013@yahoo.fr.

CHIRO FLANDRE, BELGIQUE



La Jeunesse Chiro de Flandre se présente !

La Belgique, la Flandre et… le Chiro !

Le Chiro s’appelle officiellement ‘Chirojeugd Vlaanderen’ soit ‘la Jeunesse Chiro de Flandre’ en français. Avec presque 1000 groupes locaux et plus de 95.000 membres, le Chiro constitue le plus grand mouvement de jeunesse en Flandre, la partie néerlandophone dans le nord de la Belgique. Quasiment chaque commune héberge des groupes Chiro, dans une ou plusieurs paroisses. Le pendant francophone dans la partie wallonne au sud du pays s’appelle le Patro.

Les groupes locaux
L’équipe d’animateurs

Les groupes locaux fonctionnent d’une manière autonome mais ils sont soutenus par une équipe nationale de cadre qui s’occupe de la coordination générale. Les dirigeants des groupes locaux sont des jeunes volontaires de 17 ans et plus : l'équipe d'animateurs. En règle générale, ils se réunissent au moins une fois par semaine pour veiller ensemble à une bonne vie de groupe. Au total, leur nombre s’élève à environ 15.000 personnes.

Les réunions

Chaque dimanche après-midi, les six groupes d'âge (6-18 ans) se réunissent dans leurs locaux pour faire toutes sortes d'activités (jeux, randonnées, débats...). Un groupe Chiro, c'est plus que la somme des différentes sections et de l'équipe d'animateurs: il forme une communauté où les petits comme les grands trouvent leur place.

Le point culminant d'une année Chiro est sans aucun doute le camp que les groupes organisent pendants les vacances d'été (juillet-août). Un tel camp signifie s’amuser, vivre et jouer ensemble pendant dix jours!

Les sections Chiro




Pour mieux pouvoir organiser des activités sur mesure des enfants, les membres d’un groupe Chiro sont divisés d’après leur âge. Parfois ces sections sont mixtes, mais il se trouve également des groupes qui sont uniquement composés de garçons ou de filles.

Les plus jeunes sont les bienvenus au « Ribbels » (6-8 ans). Avec leurs animateurs, ils plongent dans un monde fantastique de nounours et de princes charmants, ils aiment les marionnettes et se déguisent en sorcières. Ils font des randonnées bourrées de jeux, de chansons amusantes et d'épreuves bidonnantes. Cette section n’est pourtant pas présente dans tous les groupes Chiro : parfois la préférence est de ne devenir membre que quand on est un peu plus âgé, d’autres fois aussi la quantité d’animateurs ne suffit pas pour pouvoir s’occuper de cette section de petits.

Dans ces cas-là, les enfants entament leur carrière Chiro dans la section qui s’appelle « Speelclub » et qui est ouverte aux petits âgés de 8-10 ans. Les activités se ressemblent grosso modo à celles des « Ribbels ».



Ceux qui ont entre 10 et 12 ans se retrouvent dans la section « Rakwi » pour créer des figures rigolotes en terre glaise, se donner à fond dans les activités, faire des randonnées en vélo ou courir à perdre haleine lors des jeux forestiers. Les filles se moquent des garçons, et eux, ils se racontent une blague.


Les « Tito » (12-14 ans) partent parfois à la découverte d’une ville où ils jouent un grand jeu, ils préparent des repas eux-mêmes dans leur local et ils adorent les jeux de plaine, lorsque la tactique joue un rôle important. Parfois, ils tentent d’être le plus original possible dans un concours de maquillage et l'été ils adorent les jeux d'eau aux dépens des animateurs !

Les jeunes de 14-16 ans s’appellent les « Keti ». Ils courent les aventures, font une randonnée de deux jours dans la nature ou construisent un radeau pour faire la descente d'une rivière. Ils se crèvent dans des jeux sportifs qu'ils ont inventés eux-mêmes ou chamboulent complètement leur local. Il arrive aussi qu’ils y tournent un film sur un crime mystérieux dans lequel ils se font passer pour des vraies stars de cinéma.






Les « Aspirant » (16-18 ans) enfin sont les membres les plus âgés d’un groupe Chiro et ça se voit à travers leurs activités parfois impressionnantes. Ils sont presque adultes, mais ils n’ont quand même pas encore la pleine responsabilité qu’ils auront en tant qu’animateurs et ils en profitent ! Ils alternent jeux corsés et discussions passionnées dans le coin « fauteuil » du local. En temps voulu, ils donnent un coup de main aux animateurs en prenant soin des sections des plus jeunes. Ainsi, ils comprennent déjà un peu mieux à quoi s’attendre quand ce sera à leur tour de prendre la relève des animateurs…

Chiro, on en veut toujours plus!

Chiro, c'est même beaucoup plus que faire des activités le dimanche après-midi. Chiro, c'est une manière de vivre. Le « rêve Chiro » se résume en trois valeurs, qui ont leurs racines dans l’inspiration chrétienne: aimer, intériorité et justice.

Chacun mérite d'être aimé. C'est la condition principale pour pouvoir développer ses talents et sa personnalité. Puis, la valeur « intériorité » incite à réagir contre la vie superficielle et la consommation effrénée. Les adhérents Chiro tentent de faire des choix bien pensés et conscients et osent réfléchir aux motivations profondes de leur engagement ce qui les rend aptes à concrétiser leurs rêves. Le mouvement Chiro prendra en outre toujours la défense de ceux qui risquent de rester sur la touche…

La Structure nationale
Les secrétariats et les différentes équipes

secrétariat national de Chiro Flandre est situé dans le centre d'Anvers. Il se trouve en outre un secrétariat dans chacune des cinq provinces flamandes. Les animateurs peuvent y adresser leurs questions sur le plan administratif et dix équipes diocésaines, également composées de volontaires, s’y réunissent. Celles-ci sont soutenues par 71 comités régionaux qui comptent environ 800 membres. Ensemble, ils coordonnent, stimulent, motivent et soutiennent les groupes locaux dans leur région. Il existe aussi des équipes Chiro au niveau national, comme la Commission Diversité ou le Service des Activités Internationales.

Formation

Les jeunes animateurs sont invités à suivre une formation de base qui consiste d’un cours d'introduction d’un weekend et d’un camp de formation de cinq jours. Il existe en plus beaucoup d’autres possibilités pour se développer en tant qu’animateur: un camp de section, un camp d'expression, un camp de randonnées, etc. Une formation spécifique est également organisée pour les accompagnateurs adultes et les équipes de cadre.

Publications



La revue pour les animateurs de Chiro Flandre s’appelle « Dubbelpunt » et parait mensuellement, à l’exception des mois d’été juillet et août. En moyenne plus de 8000 animateurs s'y sont abonnés. Le magazine contient à la fois des pages informatives et des articles à contenu pédagogique : des jeux, des conseils pour s’occuper d’un problème dans le groupe, etc. « Kramp » constitue une revue bimensuelle pour les membres Chiro de plus de 14 ans et les équipes de cadre reçoivent un petit journal, « Kaderbrief », dans la même périodicité. Telles sont les publications les plus importantes, mais le Chiro a déjà aussi sorti quelques livres.

Le thème annuel, la journée de lancement et le camp quinquennal « Krinkel »

Tous les ans, le Chiro travaille autour d’un thème particulier. L’année 2011-2012 est un peu spéciale à cet égard, car tous les mouvements de jeunesse en Flandre collaborent pour mettre l’attention sur un sujet commun : la pauvreté.

La journée de lancement en septembre sert à présenter le thème annuel aux animateurs, ainsi que du matériel pédagogique qu’ils peuvent mettre en application dans leurs groupes locaux respectifs. De plus, quelques pages de « Dubbelpunt » sont à chaque fois consacrées à un ou plusieurs aspects du thème.

Tous les cinq ans, il est prévu d'organiser « Krinkel », un camp qui accueille presque 3000 animateurs Chiro et participants de mouvements de jeunesse internationaux. Ils vivent de manière intense ensemble durant quelques jours, ils discutent et échangent des idées concernant leur travail d'animation. Un évènement à ne pas manquer !


FIMCAP

Le Chiro est membre de la FIMCAP, la fédération internationale des mouvements de jeunesse catholiques paroissiaux, et entretient ainsi des contacts avec plus de vingt organisations, dans plus de vingt pays sur quatre continents.

Au niveau européen, le Chiro incite les sections les plus âgées à faire des échanges avec les groupes d’un autre pays. Au sein de la FIMCAP, ces échanges se font par l'intermédiaire du projet « Roundabout ».

Le Chiro de Flandre entretient des liens étroits avec beaucoup d’autres mouvements de jeunesse partout dans le monde, entre autres grâce aux partenariats dans lesquels le Chiro s’engage depuis quelques dizaines d'années. L’Afrique du Sud, les Philippines, le Chili et



le Congo ont déjà été les partenaires du Chiro. A cette liste s’ajoute dorénavant Kiwo Ayiti !