samedi 27 août 2011

CHAPO BA, MODOD SEKTANM E OKTOB 2011

TWONPET SEKTANM-OKTOB 2011
CHAPO BA
MODOD SEKTANM OKTOB 2011
PATENARYA CHIKIRO

CHAPO BA

“Ni Bivwak ni Kan te byen pase pou ane sa a’’. Se ak mesaj la, nou salye tout dirijan yo, pandan nap prezante yo Nimewo Twonpèt Sektanm/ Oktòb 2001 la. Se yon mesaj yon dirijan voye pou nou pou fè nou konnen tout gwo eksperyans sa yo te byen pase pou li. Nou espere, dirijan, ou te genyen chans pase yon bon moman ni nan kan gwoup la ni nan bivwak la dyosèz la. Tout sa n te viv, tout fòmasyon ak enfòmasyon, tout bèl eksperyans, tout bèl rankont yo, nou dwe pataje yo ak lòt yo : Tokay dirijan n yo, Kire pawas la, paran kiwo yo, KRK, KDK, BNK, elt. Se konsa modòd sektanm di: Nou sot pran bon fòmasyon kiwo… Pataje l ak lòt yo!

Bivwak ak kan yo se yon moman Mouvman Kiwo a mete an plas pou bay timoun ak jèn yo bon jan fòmasyon. Anpil kote jèn yo ap plenyen yo manke fòmasyon, yo manke ankadreman. Nou panse Mouvman Kiwo a fè anpil jèfò pou asire bon jan fòmasyon ni nan kan ni nan bivwak yo e sitou nan dokiman fòmasyon nou pibliye pou dirijan yo. Se pou nou byen òganize tout moman fòmasyon sa yo e sitou pran tout sa ki bon ladan pou n kapab itil tèt nou ak sosyete a.

Jan nou wè li, se denyè nimewo twonpèt pou ane 2010-2011 la. Nimewo sa a make fen ane kiwo 2010-2011 kote nou te gen pou tèm jeneral: Kiwo ak Lespri Sen an…Nap kontinye travay pou yon Mouvman pi djanm!

Nou twouve la nan tan pou nou evalye fason nou te viv tèm jeneral nou an ak tout sa nou te reyalize kòm aktivite, tout sa nou te poze kòm aksyon pou fè gwoup kiwo nou an ak Mouvman Kiwo a vin pi djanm. Li enpòtan pou n fè evalyasyon sa a paske se li kapab fè wè aklè nan ki pwen nou ye ak ankadreman timoun ak jèn yo anndan gwoup la. Konsa nap kapab wè ki travay ki merite fè pou gwoup la kapab vin pi djanm toujou. Misyon n poko bout…Nou fenk kòmanse travay! Menm si nou rive nan fen ane 2010-2011, travay nou ap toujou kontinye, wi fòk n kontinye pou kapab soutni tout jèfò ki fèt deja dwe ede n pou n ka kenbe gwoup la ak Mouvman Kiwo a pi djanm toujou.

Moman evalyasyon dwe ede nou planifye aktivite ak aksyon pou ane kiwo ki pral kòmanse nan mwa novanm lan. Se sa nou rele yon pwogram anyèl chak gwoup bezwen fè pou li rive byen fonksyone. Li enpòtan tou



pou gwoup la panse renouvle abònnman Twonpèt pou tout dirijan li yo epi tou fè tout manm li yo jwenn kat idantifasyon nasyonal kiwo a. Gwoup la kapab wè si li gen 3 delege ki reprezante nan Komite rejyonal li(KRK) epi tou si gen 2 reprezantan rejyon li an ki reprezante l nan Komite Dyosezen an(KDK). Fòk gwoup la konnen tou 3 delege dyosezen ki reprezante l nan Konsèy Nasyonal Kiwo a (Konak).

Nan nivo nasyonal, depi jiyè gen plizyè bivwak ki òganize nan dyosèz yo, plizyè dirijan patisipe ladan e manm BNK tou. Nan pwochen nimewo, nap genyen pou bay yon rapò sou tout bivwak yo kòm yo tout poko fin òganize.

Gen kèk pwen nou vle mete devan n. Premye se patenarya Mouvman Kiwo a pral kòmanse ak Chiro Belgique a pati premye sektanm 2011 pou 3 zan. Nan tout dyosèz kote nou pase deja, nou te gen chans pataje tout enfòmasyon, kritè ak kondisyon konsènan patenarya sa a. Nap jwenn tout enfòmasyon nan nimewo Twonpèt sa a, kote nou louvri yon ribrik pou tout echanj kap fèt nan kad patenarya sa a. Patenarya se yon moman echanj sou tout sa ki kapab ede n konprann pi byen Chiro Bèljik nan òganizasyon li, fonksyonnman li , objektif li ak tout aktivite li yo. Nou ta swete tout gwoup yo ki pral angaje nan patenarya pou yo sèvi ak tout echanj, konesans ak eksperans pou yo vin pi djanm.

Nou jwenn anpil plent konsènan Twonpèt la : gen gwoup ki fè abònnman men ki pa rive jwenn li menm, genyen gwoup ki jwenn toujou an reta, prezantasyon Twonpèt pa fè anpil moun plezi, gen dirijan ki mande pou modòd yo pibliye sou website Kiwo a. Nou kòmanse reflechi ak tout KDK yo pou eseye rezoud tout pwoblèm sa yo. Nou fè yon amelyorasyon nan prezantasyon Twonpèt la. Nap travay pou tout gwoup yo fè abònnman Twonpèt la epi jwenn li nan tan yo sipoze jwenn li pandan lap respekte dat pou l renouvle twonpèt la.

Nou swete bon chans ak tout kiwo ki te konpoze pou Nevyèm ane, Reto ak Filo. Nou swete tou yon nouvèl eskolè pou tout kiwo yo menm si yap reprann chemen lekòl jou kap 3 oktòb 2011 la. Nou pap bliye tout kiwo ki pral kòmanse Inivèsite, nou swete yo bon kouraj. Ann tout kontinye travay, ak Konkou Lespri Sen an, pou yon Mouvman Kiwo pi djanm.
Ankouraje !


MODOD SEKTANM 2011

Nou sot pran bon fòmasyon kiwo… pataje l ak lòt yo!

Zanmi kiwo nan kat kwen peyi a kou lòtbòdlo, yon gwo kout chapo pou nou! Yon lòt fwa ankò ekip twonpèt la kontan chita pou reflechi ansanm ak nou sou modòd mwa sektanm sa a ki se :<< Nou sot pran bon fòmasyon kiwo… Pataje l ak lòt yo>>.

Zanmi kiwo nou nan ete. Nan epòk sa a, nou jwenn anpil aktivite nan gwoup yo, rejyon ak dyosèz paske se vakans. Vakans se moman pou tout gwoup yo fè aktivite tankou: joune, kan, piknik, sesyon fòmasyon, elatriye. Jan nou sot di l la nan moman sa a tout dyosèz yo pwofite òganize Bivwak. Bivwak se yon kan fòmasyon chak dyosèz òganize pou dirijan ki nan dyosèz li, se moman sa a dyosèz yo pwofite kontinye fòme dirijan yo, li ede yo fòme karaktè yo, li ede yo konprann pi byen baz Mouvman an, sa vle di tout fòmasyon, tout prensip ak valè Mouvman pwopoze ba yo.

Se moman tou pou dirijan yo pataje youn ak lòt savwa ak esperyans yo nan Mouvman an. Fè konesans ak lòt dirijan ki nan menm dyosèz ak yo. KDK yo dwe chita pou byen reflechi epi chwazi yon pwogram ki rich ki mache ak kan fòmasyon sa a, san yo pa kite baz Mouvman an, ak Kris la ki se sèl bousòl nou.



Sa ki pi enpòtan se pou dirijan yo byen pran fòmasyon nan bivwak yo paske se gwoup yo ki voye yo reprezante yo. Moun sa yo gwoup yo chwazi yo kòm delege dwe konpran byen kisa yo vin fè, paske gen lòt dirijan ki rete dèyè kap tan pou yo vin pataje ak yo sa yo sot pran nan kan fòmasyon sa a. Sa vle di yo dwe moun ki byen dispoze pou resevwa fòmasyon sa a, byen pran sa wap pran, yo dwe tou moun ki ouvè ak kominikasyon, ki pa egoyis se pa moun kap kenbe tout sa yo te pran kòm fòmasyon pou yo sèlman.Se moun ki ouvè pou pataje ak lòt yo sa yo sot pran.
Se konsa dirijan ki pat gen chans al patisipe nan kan fòmasyon sa a, yap kapab resevwa menm fòmasyon nan men dirijan ki te gen chans al patisipe yo menm, yap kapab santi yo nan menm anbyans bivwak la. Ya resevwa fòmasyon sa a byen paske moun kap ba li yo a te resevwa l byen epi li pataje l byen.

Zanmi kiwo si nou vle jwenn tout bon inifòmite nap chache nan Mouvman an nou an, pou le Nò, Sid, Lès, Lwes pou n pa di tout depatman yo. Lè yo reyini pou yo fè menm bagay pou nou youn sanble ak lòt kòm kiwo sann pa depaman lè nou sot pran bon fòmasyon kiwo…pataje l ak lòt yo.


MODOD OKTOB 2011

Misyon n poko bout…Nou fenk kòmanse travay!

Zanmi dirijan nan kat kwen peyi a ak lòt bò dlo nou wete chapo n byen ba pou n salye nou nan non chèf nou an Jezi Kri.
Ekip lan kontan rantre lakay nou pou l prezante n ribrik pa nou an. Si gen yon kòmansman fòk gen yon fen, fen sa pa vle di nou fin travay nan Mouvman kiwo an. Men fen sa anonse lane 2010-2011 kiwo an rive nan bout li. Se rezon sa menm ki fè ekip lan fè chwa modòd sa ki se:

Misyon poko bout --- Nou fenk kòmanse travay!
Menm si nou ta kite tè sa jodi a, Mouvman Kiwo an pa ka elimine. Nan sans sa frè ak sè kiwo n yo, nap fè tout sa n kapab pou Mouvman an toujou briye, rete ak menm chalè l lan nan dènye rakwen nan peyi an. Nou rive nan moman pou n fè yon dènye evalyasyon sou kòman nou te viv lane kiwo sa e kòman nou pral antre nan lane kap vini an.

Aucun commentaire: