dimanche 6 mai 2012

Nouvo Ekip nasyonal kiwo a


NIMEWO TWONPET ME-JEN 2012


NIMEWO TWONPET ME-JEN 2012

Chapo  Ba

Tokay dirijan kiwo ki nan peyi a ak lòt bò dlo,

Se avèk anpil kè kontan nou antre ankò lakay nou ak nimewo Twonpèt me – jen an e nou pwofite okazyon sa a pou n salye nou nan non Jezi Kri Gran chèf nou an. Nou swete nou kè poze Fèt Pak  la! Nou espere nou te pase yon bon tan karèm e yon bon fèt Pak la kote nou te selebre laviktwa lavi sou lanmò, laviktwa limyè sou tenèb la! Nou konnen, nou toujou nan tan Pak la kap kontinye jis dimanch Lapannkot la, sa vle di 50 jou aprè Fèt Pak la; nan sans sa a, li bon pou nou kapab kontinye toujou viv nan lespri Pak la dekwa pou nou kapab fè lespri lavi a triyonfe tout kote nap viv yo. Pak se yon fèt kè kontan ak kè poze. Nou konnen Jou Fèt Pak la se jou kote Konva yo fè pwomès yo. Konsa nou swete tout konva yo ki angaje yo  anpil kouraj ak devouman nan sèvis Kris la.

Dirijan, pa bliye ak mwa me a, nou kòmanse twazyèm peryòd la: ‘’Tout kiwo an aksyon…Pou avansman Sosyete n!’’ Twazyèm peryòd sa a  mande n poze  aksyon konkrè kote nap viv yo dekwa pou n patisipe nan rebati peyi n. Nou pa bezwen chwazi aksyon nou pa kapab reyalize. An n wè nan zòn kote nou rete yo ki aksyon ki kapab  pote lavi tounèf Kris la pou frè ak sè nou yo. Sosyete a pa kapab chanje si nou pa mete men nan pat la, si nou pa travay ak konsyans nou pou nou fè sosyete nou an tounen yon kote moun viv nan kè poze, nan jistis, nan respè youn pou lòt, nan respè pou tout sa Bondye konfye n pou n jere a(anviwonnman). Se envitasyon sa a nou pral jwenn nan mòdòd mwa me a:  Travay ak konsyans kiwo....pou n chanje anviwonman n!” Konsa pou n kapab rive chanje anviwonnman n, nou bezwen konkou chak grenn kiwo nenpòt ki kote li ye. Paske patisipasyon chak kiwo se li ki fè fòs Mouvman Kiwo a nan tout peyi a. Se mesaj mòdòd mwa jen an: Kontribisyon paw kiwo…ka fè n vanse!”
 Nan nivo mouvman an, pou nou rive ede kiwo yo byen viv tèm jeneral ane a e sitou poze aksyon konkrè pou chanjman sosyete n, epi tou pou nou rive pran swen anviwonnman n kòm sadwa, Mouvman Kiwo a ap òganize 2 sesyon fòmasyon nasyonal soti 17 rive 20 me 2012, nan menm moman nan vil Gonayiv pou tout dirijan kiwo ki ap soti nan zòn Gran Nò( Okap, Fòlibete, Podpè, Ench ak Gonayiv), epi nan vil Okay pou sila yo ki ap sòti nan zòn Gran Sid( Potòprens, Jakmèl, Jeremi, Ansavo e Miragwann e Okay). Nou vle, atravè sesyon fòmasyon sa a, ede tout kiwo konprann dwa ak devwa yo nan peyi n e sitou devan anviwònnman peyi n ki, chak jou Bondye mete, ap depafini. Se konsa Konak la mande pou chak kiwo plante yon pyebwa epi pran swen l. Li tou mande tout gwoup kiwo ki prale nan kan ane sa a, pou yo enterese ak fason moun nan zòn nan ap òganize lavi yo, fason yo pran swen anviwonnman yo e sitou ki pwoblèm yo fè fas ak yo. Konsa yo kapab patisipe nan jèfò moun yo ap fè pou rann anviwònnman yo pi bèl. Aprè 50an, Kiwo, ann angaje n... Nan rebati peyi n!
 Tokay, pa bliye ankouraje timoun ak jèn kiwo yo pou byen prepare tout egzamen fen ane yo. Konsa nou tout ap byen kontan si tout kiwo rive fè yon bon mwayenn e sitou si yo rive sèvi ak tout sa yo aprann lekòl la nan lavi yo, nan fanmi, nan gwoup kiwo a, elt.
 Mwa me ak jen an chaje ak anpil fèt ni nan Legliz la ni nan sosyete a: Fèt Drapo ak Inivèsite, fèt manman yo, fèt papa yo, fèt travay, fèt asansyon, fèt Dye, fèt lapannkot, elatriye. Kòm kiwo, nou envite nou fè anpil efo pou n kapab viv tout fèt sa yo avèk anpil lafwa, avèk anpil konviksyon. Nou dwe manifeste tout kote nap viv yo valè fèt sa yo genyen ni pou lavi nou ni pou lafwa nou. Se konsa nou vle make yo avèk kèk aksyon sosyal pou montre nou se kiwo tout bon vre, ki angaje ni nan sevis Legliz la, ni nan sevis sosyete a. Epitou, ann pa bliyè lapriyè manman Mari ki se manman tout Kiwo yo, sitou nan mwa me a ki se yon mwa Legliz la mete apa pou li a. Ann lapriyè chaplè  a ak anpil lafwa, ak konviksyon  paske Manman Mari toujou la ap entèsede pou nou bò kot pitit li Jezi Kri, Gran chèf nou.
Nou kite nou la pandan nap swete nou byen viv tout fèt  yo epi bon travay nan sèvis Kris la ! Aprè 50an, Kiwo, ann angaje n…Nan rebati peyi n !
MODOD MWA ME

Travay ak konsyans kiwo....pou n chanje anviwonman n!

Tokay kiwo yo, nou pap sispann retire chapo n pou n salye w nan non Jezi gran chèf nou an.  Nou sòt viv de modòd ki trè fò pou mwa ki sòt pase a, nou jewnn de mo nou dwe pran ak kè ki se: “travay ak konsyans’’ . Zanmi kiwo yo nou jwenn modòd mwa me a ki ale pi lwen ki pwal fè parèt aklè. Travay pou kisa?  Konsyans nan ki sa, poukisa  pran konsyans ?    “Travay ak konsyans kiwo....pou n chanje anviwonman n”.
 Lè n gade anviwonman an, nou wè se tout sa ki antoure nou, se sèlman nou menm ki gen pouvwa sou yo,  swa pou nou kraze oubyen konstwi yo.Ki chwa nou fè kiwo si nou chwazi chanje anviwònman nou, nou dwe travay pou sa,  travay se libète tout moun ki vle chanjman;  travay nan rebwazman pwoteje anviwònman an, pran konsyans se pa konstwi nenpòt kote se la ou renmen se respekte plan ibanizasyon lameri yo. Si nou al jistifye pou ki nou dwe pran konsyans,   anviwonman frape de yon katastwòf natirèl se nou menm, pitit nou yo, fanmy nou yo, byen nou yo ki pèdi. Lè n fè bezwen nou, jete fatra,  boule kawoutchou, plastik,... se nou ki peye sa . Tokay travay ak konsyans kiwo.....pou n chanje anviwonman n;  pwoteje anviwonman se pwoteje tèt ou ak fanmi w. Chanje anviwònman an se chanje mòd vi w ak fanmi w. Kiwo nou yo, nou jwenn anchènman de peryòd ak modòd jis pou n ka desoude nan misyon nou, pa bliye nan liv lajenèz Bondye ba nou pouvwa pou  n defini lanati, sonje Bondye se lavi . Nou swete tout moun  bon aksyon konkrè.
Modòd Mwa Jen
 Kontribisyon paw kiwo…ka fè n vanse!

Tokay kiwo nan 4 kwen peyi ayiti ak lòt bò dlo, yon bèl kout chapo ba pou nou tout!  Pou mwa jen an, nou gen yon modòd ki enviten travay pote kontribisyon pa n nan rebati peyi n  pou n remet peyi n kanpe;  efò pa nou tout enpòtan. Lè yo di n kontribye se pa sèlman ak lajan nou kontribye,  gen anpil fason nou kapab kontribye: ou ka kontribye ak kouraj ou, ou ka kontribye ak lide w, ou ka bay yon bon konsèy ki pou pèmèt travay la avanse. Ou konn pase yon kote ou wè yon travay kap fèt yo diw li rive fèt gras ak konkou tel ou tel enstitisyon ak popilasyon an,  ebyen popilasyon an se pa lajan li bay non, sèl bagay yo aksepte pou yo fè yon ti rediksyon nan sa yo tap touche a,  ti sa yo pran sou yo a se li ki kontribisyon popilasyon an.

Kontribisyon pa’w kiwo...ka fèn avanse
Modòd sa fè n sonje yon chan ki di (ann kontinye lite poun konstwi yon nouvo sosyete). Kiwo yo te konn chante l anpil aprè gwo rejim diktatoryal la  te fin tonbe. Jounen jodi a nou twouve nou nan yon gwo peryòd ki fè n wè se pa selman kont diktati, kont piyay ak anachi nou ka goumen. Nou bezwen goumen tou pou n chanje fason nap viv la, fason nou panse a nou dwe lite pou n bay tèt nou disiplin pou n chanje konpòtman nou, nou bezwen lite pou n pa bati nenpòt kijan ak nenpòt ki kote. Nou bezwen goumen anpil pou n aprann  peye taks bay leta peyi nou. Jezi te di nou se pou nou bay seza sa ki pou seza epi bay Bondye sa ki pou Bondye; se pa sèlman sa lè n jwenn posiblite pou n vin okipe gwo plas nan peyi a pou n peye taks, peye taks se yon devwa sivik, si w pa peye l, leta ta dwe mete w nan prizon. Modòd sa fè n  sonje tou yon lòt chan ki di : O lespri Sen desann sou nou, nou gen yon misyon pou Ayiti. Se menm misyon sa nou menm kiwo nou gen pou jodi  a apre 50 an nou an lè n chwazi bay tèt nou misyon sa, se komsi nou te pran desizyon pou n wete nan tèt nou, tout espri egoyis, tout lide plen pòch ak plen vant, pou n travay nan bay peyi a yon lòt direksyon.

Men lè n gade nannan sosyete nap viv jodi a, nou wè chan sa n sòt di piwo a, yo preske pa chante li ankò. Si yon jou yon gwoup ta deside chante li, yo pa di ayiti, yo di yo gen yon misyon pou latè a, sa vle di jounen jodi a zafè ayiti preske pa gade moun yo. Nou chita nan pwòp peyi nou ki se ayiti, pou n defann entère peyi etranje. Pase n batay pou peyi n chanje nou pito vann peyi a bay etranje. Anpil ayisyen pa pran konsyans de sa yo ye. Nou pito defann enterè espri egoyis, tout lide plen pòch ak plen vant  pou n travay nan enterè peyi n  pou n wè ansanm kijan nou kapab bay peyi a yon lòt direksyon.  Men erezman pou nou menm kiwo, jodi a nou rive depase  lide sa, nou oblije angaje n nan zafè peyi n. Ann pran konsyans epi pou n fè l ak konsyans.

Lè yon sitwayen peye taks bay leta, lè tout sa l’ap regle  li pase nan chimen legal pou li fè li, lè li pa fè fo epi li pa patisipe nan frod, li se yon moun  ki kontribye nan ranfòse otonomi peyi li. Li kontribye nan avansman peyi n. Lè w sèvi ak bagay ki fèt nan peyi w : ou manje manje ki fèt nan peyi w, ou kore pwodiksyon nasyonal ou. Lè w pa jete fatra nan lari a, lè w pa fè w bezwen w nenpòt ki kote nan peyi a, ou kontribye nan pwoteje anviwònman w. 24 jen ki pwal vini an tout kiwo ap plante yon pyebwa, an n fè sa ak tout kè nou,ak tout fòs nou, an n mete tout devouman nou ak tout kè kontan nou, pou n fè travay la, ann kontribye pou n gen yon Ayiti vèt.
Wi nou tout konsène, nou tout kapab, jèn kou gran moun, piti tankou vyeya ;  ann kontribye nan reyalizasyons travay sa a. Ann kontribye poun remanbre leta peyi n. Ann kontribye pou n gen yon anviwonman sen. Lè sa a, nap kapab viv an sante, san estrès, san kè sote, nan lapè, lanmou, nan yon bèl ayiti ki bay anvi viv.
Kontribisyon pa w kiwo…ka fèn vanse.  

Kwen seksyon mwa Jen 2012

Kontribisyon paw kiwo….ka fèn vanse!
Zanmi dirijan kiwo nou yo kèlkeswa kote nou ye nanmond lan, nou salye nou avèk anpil respè. Se avèk anpil kontantman nou frape pòt kay nou pou n prezante nou ribrik pa n nan kise ‘’Kwen seksyon’.’
Dirijan, sa n pral di la nap sèvi ak yo nan tout seksyon yo. Nou pa gen pwoblèm siw pa sèvi ak yo, ou sèvi avèk afè pa w.
 Pou kòmamse nap chita pale sou 3em peryòd lan, yon peryòd ki mande pou n poze anpil aksyon konkrè. Aprè nap pale sou modòd lan, nou kapab fè travay lan an ekip, konsa tou ou kite yo pale epi dirijan ou fè konklizyon an. Nou gen jounen mondyal timoun yo, li enpòtan pou n pale yo sou ‘’dwa ak devwa ‘’ yo genyen, nou pap bliye fèt Dye, fèt papa yo.
Nou toujou bay fèt manman yo plis valè epi nou neglije fèt papa yo, fwa sa se pou n ba li enpòtans li paske yo chak gen yo nan fanmi an. Genyen tou jounen mondyal dwòg. Li bon pou n raple yo kisa dwòg ka fè epi kijan lap boulvèse mond lan.
Dirijan nou gen gwo dat kise 24 jen pou tout moun mete yon pyebwa nan tè kote mouvman kiwo a bay anpil enpòtans. Pyebwa nap plante yo, nou ta konseye nou plante pyebwa kap bay fwi. Se moman tou pou n pale de  anviwonman an sitou nan peyi nou.
Mwa sa se mwa egzamen, touswit nap gen pou n prepare ‘’kan’’. Tokay nou yo pa janm bouke pale de kan souple. Se kontribisyon pa w, kontribisyon pa nou tout kap fè n reyisi kelkeswa sa nap antrepran. Nap swete tout timoun ak tout papa ‘’bòn fèt’’ epi ‘’bòn vakans’’ ak tout moun.


Gran sesyon fòmasyon nasyonal Kiwo : Gran nò  ak Gran Sid : 17-20 me 2012.



Kòm nou konnen l nou tout, epi kòm sa te deside nan Kanaredyo mwa fevriye ki sot pase a, BNK ap prepare yon sesyon nasyonal fòmasyon pou dirijan kiwo yo, sitou reprezantan rejyon yo ak dyosèz  yo, yon fason pou yo kapab jwenn yon espas kote yo kapab reflechi sou fason tout kiwo yo kapab viv pi byen  tèm ane kiwo 2011-2012 la ki di : « Aprè 50 an kiwo, ann angaje n … nan rebati peyi n ! ». Sesyon sa a ap fèt soti nan jedi 17  rive nan dimanch 20 me 2012. Lap fèt nan menm moman, men nan de (2) zòn diferan pou fasilite deplasman yo epi pèmet tout dyosèz yo patisipe. Se poutèt sa a, tout Gran Nò a (ki gen ladan l dyosèz Fòlibete, Pòdpe, Okap, Ench ak Gonayiv la) ap reyini nan vil Gonayiv, epi Gran Sid la li menm (ki gen ladan l dyosèz Jakmèl, Jeremi, Ansavo e Miragwann, Potòprens ak Okay) pral reyini nan vil Okay. Nou espere akeyi 500 dirijan kiwo : chak dyosèz ap bay 40 dirijan kiwo, plis manm KDK, BNK, elt.



Gen plizyè reyinyon ki fèt deja nan nivo lokal ak nasyonal, ak reprezantan KDK yo ,KRK yo ak BNK pou planifye epi prepare òganizasyon gran sesyon fòmasyon sa a. Fòmasyon sa a pral pote plis sou  tèm jeneral ane a -nou vle konprann epi viv pi byen-, sou inifòmite Mouvman kiwo a nan tout peyi a, sou reskonsabilte nou kòm kiwo devan anviwonman peyi n, sou dwa ak devwa nou kòm sitwayen epi tou sou angajman  nou anndan Legliz la ak sosyete a.

Kòm dynamik, nou pral travay an atelye pou n kapab reflechi sou kèk aksyon sosyal nou pral reyalize aprè sesyon fòmasyon an nan zòn kote nap viv yo. Epi nap gen panel kote nap bay reprezantan chak dyosèz yo yon espas pou pataje reyalite ak eksperyans yo sou fonksyonman Mouvman Kiwo nan nivo lokal, nan nivo rejyonal oubyen nan nivo dyosezen an (pwen fò, pwen fèb, pwen ki merite chanje). Pou sa, nou mande pou chak dyosèz byen prepare pataj yo pral fè ak lòt yo. Yon bon ti rapò ekri sou lavi kiwo nan dyosèz la kapab pèmèt Panel la ede n wè pi klè ki kote nou soti, kote nou ye ak kote nou vle ale sitou aprè selebrasyon 50an Mouvman Kiwo a. Nou pral prezante travay sou oryantasyon Mouvman Kiwo a aprè 50 an : Kouman li ap mache e nan ki pwen nou rive. Epi ki remak ak sijesyon nou kapab jwenn nan men kiwo yo pou travay la kapab fèt pi byen toujou.

Nap gen pou n fè kèk aksyon sosyal tou, ni Gonayiv ni Okay, yon fason pou fè moun yo konprann nan ki sans nou vle viv tèm ane a, nan ki sans nou angaje n pou rebati peyi nou an. Ak aksyon soyal sa yo, nou vle fè moun pran konsyans dwa ak devwa nou tout genyen pou peyi nou an, pou anviwonnman kote nap viv yo. Nou pral òganize plizyè Konkou tankou Chan, dans, teyat, desen, pwezi, jwèt, gran manjè, elt. Nou vle pou tout konkou ki rive reyalize yo montre nou kouman nou kapab byen viv tèm jeneral e sitou bay yon temwayaj ki provoke chanjman nan sosyete nou an. Se pral yon bèl moman pou ranfòse idantite nou kòm moun, kòm  kiwo Ayiti. Nou pral prepare yon mesaj final pou tout kiwo yo nan peyi a ak lòt bò a, pou tout moun nan Legliz la ak nan peyi n.

 Nou ekri ti mo sa a pou envite tout kiwo yo pou yo fe anpil efò pou eseye konprann tèm nan, ansanm ak tout lot tèm yo, epi mete yo an aplikasyon nan tout aktivite nou yo kote nou angaje. Nou mande tou pou tout kiwo yo rete veyatif sou pwogram sa a epi angaje yo  pou òganizasyon (2) sesyon fòmasyon nasyonal sa yo pote lavi pou Mouvman Kiwo a.

Aprè 50 an, Kiwo, Ann angaje n… Nan rebate peyi n!

Bon patisipasyon!