mercredi 28 décembre 2011

NIMEWO TWONPET JANVYE-FEVRIYE 2012

NIMEWO TWONPET JANVYE-FEVRIYE 2012


CHAPO BA
Dirijan Kiwo nan peyi a ak lòt bò,
Nan moman sa a, nou panse ak ou epi ak bèl travay ou ap fè anndan gwoup ou, nan rejyon ou, nan dyosèz la, nan nivo nasyonal pou fè Mouvman Kiwo a jwe wòl li nan fòme li ap fòme timoun ak jèn yo pou yo kapab vin bon kretyen ak bon sitwayen nan sèvis Kris la, pwochen yo ak peyi yo. Se sa nou tout vle viv nan tèm jeneral kiwo a pou ane 2011-2012: Aprè 5oan, Kiwo, ann angaje n… Nan rekonstwi peyi n!
Se konsa nou pote ba ou ak nimewo Twonpèt Janvye-Fevriye 2012 pandan nou pran tout tan n pou nou swete ou yon bèl Fèt Nwèl ak yon Bòn ane 2012! Se pou limyè Jezi Kri fèt nan mitan nou kontinye klere ou epi mennen ou toujou sou chemen kè kontan, kè poze ak renmen nan tout sa ou ap fè yo! Jezi vini…Pou lavi tounèf! Modòd mwa desanm nan.
Nimewo twonpèt sa a prezante ba nou kèk aktivite, kèk aksyon Konak la te chwazi pou ede nou viv pi byen tèm jeneral la ak tout peryòd ak modòd li yo. Nou envite ou wè ansanm ak lòt dirijan kouman nou kapab rive reyalize yo oubyen patisipe ladan l yo. Nou kwè yon tèm jeneral, yon peryòd, yon modòd gen tout valè yo lè yo ede nou viv lespri kiwo a pi byen pa sèlman ak pawòl nou yo men tou ak aksyon nou, ak konpòtman nou nan sosyete nou an. Fòk yo rive ede n fè yon pa nan sitiyasyon nap viv yo. Se sa a Modòd janvye a envite n fè: Ayiti nan pwoblèm Kiwo…Ann leve kanpe! Devan sitiyasyon peyi n ki poko fin bon nèt, fòk kòm kiwo, nou leve kanpe, fòk nou angaje n pou rebati peyi n, pou sa a chanje. Nou pa ka chita bwa kwaze oubyen ap gade, fòk nou wè ki kontribisyon kòm kiwo, kòm jèn nou kapab pote pou avansman peyi a kote nou ap viv yo. Ann travay ak konsyans Kiwo…Pou peyi nou ka bèl!(Dezyèm Peryòd). Se vre pou kont nou pa kapab rebati peyi n nan jistis ak renmen, nan respè pou tout sa Bondye kreye epi konfye nou yo. Nou bezwen konkou lòt moun, tout moun ki ap travay pou yon Ayiti tounèf. Se konsa Kiwo: Ann mèt men…Pou sa chanje!(Modòd fevriye 2012).
Nimewo Twonpèt sa a pote anpil fòmasyon ak enfòmasyon pou ou, dirijan. Konsènan Patenarya, nou vle di yon gwo mèsi pou tout gwoup kiwo ki fè nou jwenn fòmilè yo pou patisipe nan patenarya sa a ak konkou komite dyosezen yo. Nou rive chwazi 16 gwoup ki pral kòmanse patenarya ak 16 gwoup Chiro Beljik. Kòm patenarya ap dire 3zan, nou espere tout gwoup ki enskri ak tout sa ki pral enskri toujou, ap jwenn chans patisipe nan patenarya sa a. Gen Kan Mondyal Fimcap prale òganize ane pwochen nan peyi Paraguey sòti 14 jiyè rive 4 out 2012. Mouvman Kiwo envite pou patisipe nan kan Mondyal sa a paske li manm Fimcap ki se Fédération Internationale des Mouvements catholiques d’action paroissiale. Se 3 moun Mouvman kapab voye reprezante l nan rankont sa a. Konsa nou mande kiwo ki enterese patisipe nan kan mondyal ak plizyè jèn ki soti lòt peyi ak kontinan, pou yo pran kontak ak KDK yo. Nou toujou ap kontinye ak demach pou jwenn teren kiwo a, nou jwenn Leta ayisyen deja banou tout papye tè men nou poko ka ale sou li paske gen moun ki di tè a se pou yo. Nou deja fè Leta konnen sa a, nap tann yon repons rapid rapid pou nou wè kouman nou ka avanse ak pwojè a.
Nou kanpe la pou jodia. Nap kite ou dirijan dekouvri tout richès, tout konesans, fòmasyon ak enfòmasyon nimewo Twonpèt sa a pote.
Yon fwa ankò, nou swete yon bon fèt Nwèl ak yon bòn Ane 2012! Se pou Kris la ki se modèl nou, soutni nou pou nou kolabore ansanm nan tout sa nap fè pou nou rive rebati peyi nou an pi bèl. Nou swete bon travay ak gwoup ou a, ak seksyon ou reskonsab la. Bon fèt pou Tanbèt yo. Kouraj pou tout nouvo dirijan yo, nouvo chef gwoup ak cheftenn yo. Kenbe fèm pa lage. Kris la ak nou! Aprè 50an, Kiwo, ann angaje n…Pou n rebati peyi n!
Larezonnen 2012


Men modòd peryòd la
Mwa novanm 2011 : Kiwo nou se sèl nan… Legliz la !
Mwa desanm 2011 : Jezi vini… Pou lavi tounèf !
Janvye 2012 : Ayiti nan pwoblèm… Kiwo ann leve kanpe !
2èm Peryòd
An travay ak konsyan kiwo … pou peyi n ka pi bèl!
Zanmi kamarad, tokay kiwo mwen yo nou wè peyi nou an se pa yon peyi ki kondane li ye. Lè n mache anpil kote nan peyi a, lè n gade nan televizyon tou. Nou wè peyi nou an li pa pi mal pase sa, se pa yon peyi ki pi lèd pase sa tou, men sèl bagay gen anpil moun san konsyans ki antre kèk kote. Yo sal yo, yo fè zòn sa yo vin si tèlman lèd anpil moun pa anvi pase ladan yo. Moun yo detwi anviwonman nan zòn sa yo san yo pa gen konsyans si konsekans negatif la se pou yo. E byen Jodi a, konak la ap envite nou tout pou n mete lakay nou yon ti kras konsyans, se sa ki fè nan dezyèm peryòd la n’ap envite w travay ak konsyans, tout sa wap fè, fè li ak konsyans epi wap jwenn rezilta. Ann travay ak konsyans kiwo … pou Peyi n ka pi bèl!
Nou pa bezwen tann se leta ki pou vin fè pou nou, nou pa bezwen tann se mon pè ou byen ma mè, se chè frè ki pou di n ki sa pou n fè. Nou gen je tou ann gade toutotou nou epi nap wè sak merite fèt la pou n fè li, nap wè sak merite chanje a pou n chanje li. Yap fè travay la pou devlope zon ou epi se ou menm ankò kap kraze li, se ou kap chèche bloke li, se ou kap brize materyèl yo, monchè ou pa gen konsyans. Si yo fin pentire lekòl la ba ou, yo fi n pentire legliz la ba ou, se pa ou ki pou vin ekri nan mi an, leve pye w met ladann pou sal li. Se pa nou ki pou ap jete fatra nenpòt ki bò. Nou pa ka konstwi nenpòt vye boutmi nan figi moun. Nou pa ka vin sou moun ak nenpòt vye machin. Pito w pran yon ti tan ou soufri men ou fè sa wap fè a byen, pito w mize men ou pote bon nouvèl. Ann sispann fonksyone nan manti paske twou manti pa fon ann sispann bay pwoblèm, mete dezinyon lè yo mete n nan yon ekip pou n travay. Yon sèl dwèt pa manje kalalou, si n pran konsyans, si n travay ak konsyans nap kontan rekòlte fri travay nou ak konsyans trankil nou pap fè moun abi, paske moun kap fè moun abi, yo pa gen avni. Ann travay ak konsyans.
Ann travay ak konsyans kiwo… pou peyi n ka pi bèl.
Men modòd pou 2e peryòd la
Modòd pou mwa fevriye 2012 : Ann met men… pou sa chanje !


RAPO KANAREDYO OKTOB 2011 AK RAKONT SOU SWIVI KONAK 2011


Nan dat 28 pou rive 30 oktòb konsèy Nasyonal Kiwo a te reyini nan kazo anba tant pou reflechi ak planifye pou bon mach Mouvman an. Nan rankont sa a te gen prezan tout antite yo. Nou konnen dyosèz Nip an fòmasyon yo pat prezan.
Nan rankont sa a, asanble a te chita sou mesaj fèt Kris wa 2011lan kote yon komisyon te chita sou li kite reprezante pa yon manm nan chak antite yo.
Rapò chak antite yo nan plan aktivite bidjè 2011-2012 plis Tèm Nasyonal ak peryòd la, te gen yon komisyon tou kite chita sou oryantasyon mouvman kiwo aprè 50an kote nan kongrè nasyonal dyosèz, yo te kòmanse reflechi sou li. Konsa komisyon an te remèt yon travay. Yo te fè l pou yo te remèt li ak BNK pou tape pi l nan dyosèz yo pou kontinye reflechi sou li. Yon komisyon pou wè ki aktivite nou kapab fè nan nivo lokal, rejyonal, nasyonal, dyosezen pou n rive viv tèm ane ansanm ak moun ki pase nan mouvman kiwo, epi fè pwopozisyon sou kontribisyon sant fòmasyon kiwo a nan gantye. Nan kad pou fè swivi sou estil kiwo a konsèy nasyonal la te fè pratik fòmasyon kare nan kiwo a yon fason pou tout antèt yo gen menm aplikasyon.
Nou te fè yon rale sou bivwak yo avèk komite fòmasyon referans twonpèt novanm desanm 2011. Nou te gen mesye Estiva Charles ki se yon reprezantan inivèsite florid kite fè yon ti pale sou inivèsite sa a kite la pou bay fòmasyon sou risk ak dezas konsa lite chwazi pou mouvman kiwo a gen yon patenarya ak yo. Nou te pale tou sou patenarya kiwo Ayiti ak kiwo Beljik kote KDK yo dwe mete yon komite sou pye pou travay ansanm ak komite nasyonal la pou travay la pa bloke. Nou te gen prezans Pierre Ogène Davilmar yon ansyen dirijan kiwo Okap ansyen manm konsèy nasyonal la te pase pou fè yon ti koze ak nou. Asanble a te pwofite swete l byen vini e bon travay nan sèvis li kòm depite. San nou pap bliye li te batize ansanm ak nouvo manm konsèy la. Se nan anbyans sa a rankont lan te fini.
Chak ane Konak la chwazi yon tèm jeneral ak 4 peryòd pou ede tout kiwo temwaye toutbon yo se patizan Kris la tout kote yap viv yo. Chak gwoup kiwo dwe chwazi yon pwendaksyon pou ede kiwo yo byen viv tèm jeneral, peryòd ak modòd yo. Nan evalyasyon nou fè yo, nou wè kijan nou bliye oubyen nou neglije pran pwendasyon yo, sa vle di aksyon konkrè ki pou ede nou antre nan oryantasyon Mouvman Kiwo a defini chak ane. Kesyon sa a te nan ajanda Kanaredyo mwa oktòb ki sot pase a. Kòm kesyon pat fin diskite, Konak te deside pou Biwo Nasyonal ak prezidan Komite Dyosezen yo rankontre nan mwa desanm nan pou yo rive finalize pwen sa a ki enpòtan anpil pou bon fonksyonnman Mouvman Kiwo a nan tout enstans li yo.
Konsa Biwo nasyonal la te reyini ak prezidan dyosèz yo jou ki te 26 novanm 2011 la. Se te 8 dyosèz sou 10 ki te prezan nan rankont sa a, Dyosèz Ansavo e Miragwann( ki poko fin fòme nèt) ak Okap pat fè yo reprezante. Youn nan pwen ki te pi enpòtan se te chwazi kèk aksyon, kèk aktivite pou nou rive byen viv Tèm jeneral Kiwo a ak tout peryòd yo. Konsa Plizyè komisyon te fòme ak tout reprezantan pou reflechi epi fè pwopozisyon pou aktivite sa yo. Nan mete ansanm tout lide yo, men kèk aktivite ki te rive chwazi pou ede gwoup lokal, komite rejyonal, komite dyosezen, Konak ak Biwo Nasyonal Kiwo byen viv tèm jeneral ak peryòd yo.
Pou tèm nan ‘’Aprè 50 an kiwo an angaje n…nan rebati peyi n!’’, te gen yon konsta ki te fèt sou nesesite pou nou pa konprann sèlman rebati peyi nou kòm rebati kay yo ak lòt batiman pi byen. Nou dwe konprann li tou e sitou kòm rebati moun nan nan tout dimansyon lavi li yo, nan relasyon li ak lòt moun parèy li ak tout sa Bondye kreye epi konfye li yo( Lakreyasyon, anviwonnman). Nou te wè tout fason nap viv jounen jodia ( mòd lavi a) vin chanje anpil sitou aprè tranbleman tè 12 janvye 2010 la: Anviwonnman peyi nou a vin frajil anpil, gen pwoblèm malpwopte, anpil maladi ki bay anpil moun, gen anpil valè ki vin pèdi, se chak koukouy klere pou je li ki vin tabli nan peyi a, pa gen jèfò ki fèt pou gen kè poze ak jistis pou tout moun, jèn yo ap mache nan wout ki pa trase, pa gen anpil model, anpil referans moral pou yo, yo kite yo jwèt nan tèt yo, konsa yo vin tounen yon danje ni pou yo menm ni pou sosyete nou an. Konsa nou wè li enpòtan anpil pou nou fòme jèn kiwo yo e tout lòt jèn yo pou yo byen konnen ki wòl ak enpòtans yon moun genyen vizavi lòt moun yo ak lakreyasyon Bondye konfye l la. Ki dwa ak devwa moun nan genyen nan relasyon li ak lòt moun ak tout sa vironnen l. Kouman nou kapab fè moralite pran premye plas nan tout sa nap fè, tout nap di yo?
Pi bon fason Mouvman Kiwo a kapab ede nan rebati peyi n, se nan fòme jèn yo pou yo kapab itil tèt yo, sosyete a ak Legliz la. Se konsa nou chwazi kòm aktivite:
Òganize yon sesyon fòmasyon pou kiwo yo nan gran Nò ak gran Sid ki ap fèt nan menm moman. Youn ap fèt nan Gonayiv epi lòt la nan Okay nan dat 17 pou 20 me 2012. Objektif sesyon sa yo ede kiwo yo konprann pi byen wòl ak enpòtans yo pou yo kapab angaje yo pi byen toujou nan rebati peyi nou an.
Pandan sesyon fòmasyon sa yo, nap òganize tout kalite konkou (chan, dans, pwezi, desen teyat) sou tèm nana k peryòd. Tout patisipan ki ede nou konprann oubyen viv tèm nan ak peryòd pi bye nap jwenn ankourajman (rekompans).
KDK Gonayiv ak Okay reskonsab pou chache lokal epi kontakte kèk moun ki kapab devlope tèm nan sesyon sa yo.
Nap gen pou fè mayo ak tèm jeneral kiwo a yon fason pou nou konsyantize moun sou nesesè pou rebati peyi nou an pi byen.
Kondisyon an se 2 ou 3 moun pa komite rejyonal plis 5 moun KDK, n’ap evite pou 2 moun pa sòti nan menm gwoup. Transpò a se dirèk sa vle di lap sòti nan dyosèz ou pou ale kote sesyon an ap fèt la. Patisipan yo ap gen pou bay yon kontribisyon pou aktivite sa a. Pou plis enfòmasyon nap wè ak KDK sou sa a.
Pou 1e peryòd la: Nou wè pou premyè peryòd li enpòtan pou nou gen je louvri pou nou analyze tout sa kap pase nan peyi n e pou nou rive konprann pi byen reyalite peyi n. Lè nap kapab kouman nou kapab angaje pi byen pou chanje tout sa ki merite chanje, pou tout moun viv pi byen. Kòm aktivite nou chwazi
Se pran tan ki nesesè pou reflechi sou anviwonman nou, sou relasyon moun ak moun, sou relasyon moun ak lanati, sou kilti n ak valè li yo, sou idantite n kòm pèp.
Nan sans sa nou ka òganize yon jounen refleksyon nan pawas ak chapèl nou yo epi envite moun ki kapab klere nou sou tout pwen sa yo( tankou pwofèsè, pè yo, elt.). Li ta pi bon tou pou n envite lòt jèn ki pa nan Mouvman Kiwo a yon fason pou yo ka benefisye tou paske kòm kiwo, nou se modèl, referans pou lòt jèn yo nan kominote nou yo. Nou kapab fè l nan nivo lokal men se pandan 1e peryòd la pou n ta fè sa.
Pou 2e peryòd la: Nou wè li enpòtan pou nou òganize anpil aktivite pou nou fòme tèt nou ak lòt jèn yo sou reskonsablite nou yo nan kominote nou yo sitou pou sa ki gen pou wè ak anviwonnman nou.
Nou kapab fè sansibilizasyon ak lòt jèn pou fè netwayaj, asenisman, plante pye bwa, elt.
Fòk nou travay anpil sou edikasyon sivik, fòmasyon sou sekouris ki kapab ede nou renmen peyi n e sitou mete nan sèvis pwochen nou yo tankou fè prevansyon sou jesyon risk ak dezas, bay san nan lakwa wouj, fè alfabetizasyon pou sove frè ak sè n yo.
Nou kapab fè l nan tout enstans yo. Nou mande pou nan tout bivwak ane sa a gen yon tan pou fòmasyon sou sekouris ak sou jesyon risk ak dezas pou kiwo yo.
Pou 3e peryòd la: Kiwo, li lè li tan pou n poze aksyon konkrè pandan moman vakans lan tankou nan deplasman nap gen pou n fè yo. Nap kapab viv peryòd la pandan moman kan kote gwoup yo pral deplase depi nan moman preparasyon an,
Nou ta dwe konnen bezwen zòn nan yon fason pou aksyon n’ap gen pou n poze a kapab itil moun ki nan zòn nan. Fòk nou pran tan pou nou eksplike ki sa Mouvman Kiwo a ye e kijan li eden pran reskonsablite n kòm jèn nan sosyete nou nan. Pa bliye fè yon aktivite pou avanseman sosyete a.
Konsa tou nou kapab fè oubyen patisipe nan konbit, nan rebwazman, sekouris, konstriksyon, elatriye. Youn nan pi gwo aktivite se envite chak kiwo nenpòt ki kote li ye pou li plante yon byen pyebwa epi sitou pran swen li. Dat nou pran se 24 jen 2012 pou plis enfòmasyon jwenn ak KDK. Nou pral wè kouman ki jan nou kapab fè tout kiwo yo jwenn yon pyebwa. Nou envite tout dyosèz pou yo wè si yo gen moun ki kapab fè yo jwenn pyebwa.
Pou 4e peryòd la: katryèm peryòd la enpòtan anpil paske li ede wè ki jèfò nou fè pou viv tèm ane ak tout peryòd li yo. Konsa kòm aktivite :
Nou dwe evalye tout aktivite nou te vle reyalize : tout sak fèt nèt, sak pa rive fèt, e sak fèt.
Nou dwe fè yon analiz sou sak ta dwe fèt epi sèvi avèl nan moman pou chwazi nouvo tèm oubyen peryòd yo.
Nou pwopoze pou nou gen yon lanmès kote nap ofri ane ki fèt pase a epi mande konkou Lespri Sen pou nou kapab reyalize tout sak pat fèt yo.
Nou swete tout enstans yo mete men ak poze bon jan aksyon pou rive viv tèm ak peryòd yo, yon fason pou lòt moun ki pa nan gwoup la kapab benefisye travay nou te fè yo. Pou tout enfòmasyon, kesyon, komantè yo, pa bliye kontakte KDK ou la san pèdi tan. Nou angaje pou pote banou plis prezisyon ak detay sou aktivite sa yo nou chwazi pou enplike tout kiwo nan angajman pou rebati peyi nou an pi byen toujou.
Men lòt pwen nou te rive diskite nan rankont sa a :
Nou kòmanse pale sou posiblite pou Mouvman Kiwo a gen kat dijitalize paske nou te fikse ane 2012 kòm ane pou n kòmanse sèvi ak li. Nap gen pou chita ankò sou tout detay kat la.
Men sa ki pi klè pou nou kat se byen Mouvman Kiwo a li ye. Tout gwoup ki ap jwenn li, fòk se yon gwoup ki byen fonksyone anndan Mouvman Kiwo a, fòk li gen bon relasyon ak pawas li, fòk se yon gwoup ki abitye genyen kat idantifikasyon nasyonal Mouvman pou tout manm li yo. Fòk se yon gwoup ki fè abonnman.
Nap gen pou nou etidye tout posibilite pou n wè sa ki pi bon pou nou nan zafè kat dijitalize a : nap pran pri fè kat la nan men lòt moun oubyen pri machinn ki fèt kat la menm ak depans yo pou fè li. Nap wè si nap kapab fè kat la nan chak dyosèz. Lè sa a, fòk chak dyosèz kapab gen yon biwo dyosezen. Lòt posibilite se fè kat dijitalize nan biwo a ak tout done ki soti nan dyosèz yo. Konsa, nou mande tout KDK verifye konbyen manm kiwo yo genyen nan dyosèz yo nan kanaredyo mwa fevriye 2012 la. Nou vle pou tout kiwo gen kat dijitalize nenpòt ki kote yo ye epi li pi bon pou n konnen konbyen nou ye, pou nou wè konbyen kat nou kapab rive fè.
Nan lide pou nou pèmèt Mouvman Kiwo a parèt pi plis nan sosyete a epi pou ede kiwo konekte youn ak lòt e sitou pou sansiblize moun sou travay ak nesesite Mouvman Kiwo a, nou vle kreye yon rezo sosyal nan youn nan kompayi telefòn yo pou pataje tout enfòmasyon sou Mouvman Kiwo a. Konsa chak kiwo ak chak moun ki renmen kiwo kap enskri ladan pou 3 goud pa egzanp a pati telefòn li. Nap pran plis enfòmasyon pou n wè kouman li kapab reyalize rezo sosyal kiwo sa a.


BIWO NASYONAL KIWO A SWETE NOU TOUT KIWO YO AK ZANMI KIWO YO YON BON LANE 2012 CHAJE AK BENEDIKSYON GRANMENT NAN LAVI NOU CHAK.