jeudi 27 octobre 2011

chapo/refleksyon nouvo ane kiwo a/tèm jeneral 2011-2012

CHAPO BA

Zanmi dirijan Kiwo Nan tout peyi ak lòt bò,

Se ak anpil kè kontan nou rantre lakay w ak nimewo Twonpèt Novanm-desanm 2011. Nou wete chapo nou byen ba pou nou swete w Bòn Ane Kiwo 2011-2012! Nou kòmanse yon nouvo ane kiwo ak yon nouvo tèm jeneral Kiwo: ‘’ Aprè 50an, Kiwo, Ann angaje n…Nan Rebati peyi n!

Aprè travay nou, pou nou genyen yon Mouvman ki pi djanm ak konkou Lespri Sen an, nou vle angaje n pi plis pou nou kapab patisipe nan tout jèfò ki ap fèt pou peyi n rebati toutbon vre nan tout dimansyon li yo. Pou li tounen yon peyi kote tout moun viv byen nan solidarite, nan renmen, nan jistis youn ak lòt, nan respè lakreyasyon Bondye a. Wi, li enpòtan pou nou mete men nan rebati peyi n paske sitiyasyon peyi n poko fin bon aprè 12 janvye 2010. Pa bliye: “Kiwo nou se sèl…Nan Legliz la! Se Modòd mwa novanm ki raple n vokasyon nou nan Legliz la, nan sosyete a e sitou devan reyalite nou ap viv jounen jodi a. Pou nou kapab rebati peyi n, se sou Kris la pou nou kole paske se li ki lavi, chemen, se verite. Se li menm ki vini pote piyay lavi Bondye a pou nou: “Jezi vini…Pou lavi tounèf” (Modòd desanm).

Dirijan, gen kèk bagay ki enpòtan pou travay w pou nouvo ane a: pa bliye renouvle abònman Twonpèt, pa bliye kat idantifikasyon w kòm Kiwo, renouvle angajman pou w kapab akompaye timoun ak jèn yo pi byen toujou nan seksyon ou reskonsab la, elt.Twonpèt ap ede w jwenn bon jan fòmasyon ak enfòmasyon sou angajman kòm dirijan. Mouvman Kiwo a konte anpil sou w pou travay la kapab fèt pi byen toujou.

Ane sa a, nou pibliye non tout gwoup ki fè abonnman Twonpèt ak kat Idantifikasyon nan Twonpèt sa a. Nou vle ankouraje tout gwoup yo fè abònman Twonpèt la ak kat Mouvman Kiwo a. Nou vle travay pou Twonpèt la toujou parèt a lè e sitou pou li rive jwenn w lè li sipoze rive a. Pa bliye dirijan di reskonsab nan Komite Dyosezen fè w jwenn li lè li rive nan dyosèz la. Nou mete Kat idantifikasyon Kiwo nan men Komite Dyosezen yo epi tout Omonye dyosezen kapab siyen yo. Pa bliye mande Komite Dyosezen fè w jwenn kat pou gwoup w.

Ane sa a, nou pral viv yon eksperyans espesyal ki se patenarya ak Chiro Bèljik. Se yon inisyativ pou pèmèt gwoup kiwo fè echanj ak gwoup Chiro. Nou espere bèl eksperyans sa a pral pèmèt plis pataj konesans ak eksperyans ant tout gwoup yo. Tout gwoup Kiwo yokapab patisipe nan patenarya e se ak Komite dyosezen yo pou yo jwenn otorizasyon pou sa a daprè tout kondisyon ak prensip ki fikse yo.

Ane sa a tou, Biwo nasyonal Kiwo ansanm ak Komite Dyosezen Kiwo Okay vle travay pou mete plis gwoup kiwo nan nouvo dyosèz Ansavo e Miragwann pou rive fòme yon nouvo komite dyosezen. Nou vle kiwo yo rive tout kote paske Misyon se rive jwenn timoun ak jèn yo nenpòt ki kote yo ye. Konsa aprè tout vizit ak rankont ki fèt, sòti 18-20 novanm 2011, nap gen yon sesyon fòmasyon pou kiwo ak jèn kap sòti nan tout pawas yo nan dyosèz la. Objektif fòmasyon an se kontinye mete plis gwoup nan dyosèz pou rive ede yo òganize Mouvman Kiwo a nan dyosèz avan lontan. Nou kontan anpil paske Monseyè André Pierre Dumas, Evèk Dyosèz ak tout pè yo angaje yo pou Mouvman Kiwo a rive rasanble epi fòme timoun ak jèn yo nan dyosèz la menm jan sa fèt nan tout lòt dyosèz yo. Nou di yo mèsi anpil pou tout sa a.

Jou kap 20 novanm 2011, se gwo fèt nou, se fèt Kris Wa, ki se patwon tout kiwo yo. Se pou tout dyosèz òganize pi byen make fèt sa a. Nou pral tou fete Fèt Kris Wa nan dyosèz Ansavo e Miragwann menm jou ak tout kiwo ak jèn kap soti nan tout pawas yo.

Nimewo Twonpèt la vin ak anpil fòmasyon ak enfòmasyon sou lavi Mouvman Kiwo a. Li gen anpil atik sou plizyè sijè ki konsène lavi kòm kiwo, kòm dirijan. Byen sèvi ak yo pou travay w, Dirijan. Pa bliye fè nou jwenn tout remak ak kesyon w yo. Pa tann moman bivwak pou fè sa a. Sa pral ede korije oubyen amelyore prezantasyon ak fon Twonpèt chak fwa li parèt. Mèsi davans pou kolaborasyon w.

Yon lòt fwa ankò nou swete w Bòn ane Kiwo 2011-2012, nou swete pandan tout ane sa a, nou fè tèm jeneral nou an gide nan tout sa nap gen pou n fè kòm aktivite, pwojè, pwogram anyèl, elt. Aprè 50an, Kiwo, Ann angaje n pi fon…Nan rebati peyi n!


BON ANE KIWO 2011-2012! BON FÈT KRIS WA 2011!





REFLEKSYON SOU NOUVO ANE KIWO A



Zanmi Kiwo nan kat kwen peyi ak lòt bò,


Nan okazyon nouvo ane kiwo 2011-2012 la, nou vle pran yon ti tan pou nou reflechi ak nou sou Lavi Mouvman Kiwo a pou ane ki sot pase a. Nou vle tou e sitou envite nou pou nou wè ansanm kouman nou kapab kontinye kore Mouvman Kiwo a pou ane kap vini yo. Si nou sonje byen, nou gen yon ane depi nou fete 50an Mouvman Kiwo a. Nou te fè anpil jèfò pou nou te prepare epi selebre gwo kokenn chenn evennman sa a nan nivo lokal, rejyonal, dyosezen epi nasyonal. Nou te gen kòm tèm 50an Kiwo: “Kiwo, 50an nan sèvis Kris la…Ann fete l nan renmen!”.

Tèm lan te ede n anpil pou bliye tout kalite pwoblèm nou yo nan nivo Mouvman an jeneral e nan peyi n ak Legliz nou. Nou te renouvle konfyans nou nan Kris la, li menm nou ap sèvi pandan 50 lane nan tout jèfò nou yo pou sèvi pi byen frè ak sè nou yo, sitou sa ki pi fèb yo, sa ki pi piti yo. Nou te fete ak anpil kè kontan malgre moman difisil yo tankou siklòn, inondasyon, aksidan, tranbleman tè 12 janvye 2010, epidemi kolera. Malgre tout dega tout katastwòf sa yo te fè, malgre tout kay ki te inonde oubyen kraze, malgre tout moun ki te mouri yo san bliye zanmi kiwo nou yo, nou te asepte kenbe men youn ak lòt nan renmen Kris la ki mete nou ansanm, ki rekonsilye nou nan kè poze Papa l. Nou te kwè toutbon vre renmen Kris la gen nou pi fò pase tout pwoblèm nou yo paske Kris la, kòm Chèf nou, li kanpe ak nou, se yon zanmi fidèl.

Nou te konprann 50an Kiwo a, malgre tout moman difisil peyi nou te viv, pat vle di kanpe ak angajman nou kòm Kiwo nan sèvis Kris la. Okontrè, se te yon okazyon nou te sezi pou n te afime enpòtans Mouvman Kiwo a
ni nan Legliz la ni nan sosyete sitou nan moman difisil yo.


Nou tout byen sonje kijan kiwo yo nan tout kwen peyi a, menm si yo te viktim, yo te mete yo san pran souf nan sèvis moun ki blese yo, sila yo ki pèdi kay yo ak byen yo. Yo te angaje yo toutbon vre pou patisipe nan distribisyon tant, manje, dlo ak tout moun ki te retwouve yo nan abri pwovizwa yo aprè tranbleman tè 12 janvye nan Pòtoprens, Jakmèl ak Okay. Yo te angaje tou nan mete plizyè aktivite nan kan pwovizwa yo tankou netwayaj, animasyon, lapriyè, akompayman sikolojik, jwèt ak timoun, kanpay kont kolera, elt.Plizyè Kiwo te patisipe nan kanpay konstwi ti kay pou moun ki pat gen kote pou yo rete aprè tranbleman 12 janvye 2010 la. Nou sonje tou kijan plizyè kiwo te patisipe nan netwayaj lekòl, lopital, legliz yon an vil Gonayiv aprè siklòn ak inondasyon.

Kiwo yo pat kite pawas yo. Okontrè ak Pè yo, yo te angaje yo pou mete lavi nan kominote yo, yo te bay anpil kout men pou lavi te kapab tounen nan pawas aprè 12 janvye 2010. Te gen anpil moman solidarite ak konsolasyon nan gwoup yo: dirijan yo te vizite fanmi kiwo ki te viktim yo. Komite dyosezen Kiwo yo te òganize plizyè sesyon fòmasyon pou ede dirijan yo konprann kòz tout katastwòf natirèl epi genyen yon konpòtman reskonsab devan tout menas sa yo. Nou te mete nou ansanm ak lòt mouvman jèn yo pou fòme Konsèy Nasyonal Jènès Ayiti(CNJH) pou nou pi byen defann enterè jèn yo. Nou te kòmanse yon patenarya ak Chiro Bèljik kote nou vle pèmèt echanj ant gwoup kiwo ak gwoup Chiro.

Nou te wè nesisite pou ranfòse Mouvman Kiwo a pou li ka toujou byen prepare pou akompaye timoun ak jèn yo tout tan, sitou nan moman difisil yo. Se konsa nou te chwazi kòm tèm pou 2010-2011: ‘’Kiwo, Ak fòs Lespri Sen… Annou kontinye travay pou yon Mouvman pi djanm’’.

Pou nouvo ane 2011-2012, nou chwazi kòm tèm: Kiwo, aprè 50an, Ann angaje n…Nan rebati peyi n! Zanmi Kiwo, angajman nou kòm kiwo pa depaman ni ak sitiyasyon peyi nou ni ak reyalite Legliz nou an. Nou sitwayen peyi a avan nou Kiwo. Nou kretyen, nou manm Legliz la avan nou Kiwo. Poutan se Kiwo a ki ede n byen viv tankou sitwayen peyi n ak manm Legliz nou an. Sa vle di, tout sa ki gen pou wè ak pwogrè peyi n ak byen Legliz, dwe enterese nou anpil anpil. Si nou te travay anpil, ak konkou Lespri Sen pou yon Mouvman pi djanm, se pou nou rive angaje pi fon nan tout jèfo kap fèt nan tout nivo pou rebati peyi nan lapè pou yon devlopman dirab. Se pou nou rive pi fon toujou nan Legliz nou an, pou li vin yon Legliz misyonè, yon Legliz ki ap travay pou piyay lavi tout pitit Bondye yo, daprè lespri Dokiman Aparesida.

Zanmi Kiwo, preske dezan aprè Tranblèman tè 12 janvye 2010, nou wè bagay yo poko chanje: anpil frè ak sè nou yo toujou ap viv anba tant nan kondisyon nou tout konnen, lavi a toujou chè, anpil moun toujou ap viv san travay, san manje san edikasyon, san swen lasante, anviwònman peyi a nou an fin detwi nèt, pa gen ase pyèbwa, pa gen kanal pou kenbe dlo, chak lapli lakòz anpil kay ak wout koupe oubyen inonde, fatra pa janm jwenn vre plas li, plizyè maladi espesyalman kolera menase lavi moun. Gen ensekirite ki menas lavi ak byen moun yo, gen ensekirite tou sou wout nou yo, anpil aksidan sitou ak motosiklèt yo.

Jèn yo ki se yon gwo moso nan popilasyon an lage pou kont yo: non sèlman yo gen anpil difikilte pou peye lekòl, lè yo fini yo pa kapab jwenn travay, anpil fwa yo mande yo eksperyans travay si yo pa eksplwate tout jan oubyen mennen yo nan tout sa ki pa sa tankou koripsyon, postitisyon, dwòg, kidnapin, zenglendo, elt. Nan nivo Legliz la, gen anpil jèfò ki fèt men manke yon vre angajman pou chanje lavi a. Imaj Bondye moun yo genyen pa mache ak reyalite lavi yo. Nan moman tranblèman tè 12 janvye 2010, gen moun ki tap di: ‘’Bondye pini nou poutèt peche nou yo’’. Moun yo bliye reskonsablite yo kòm moun, kòm kretyen devan tout sa Bondye konfye nou: lakreyasyon an.

Zanmi Kiwo, sitiyasyon sa a difisil anpil pou anpil moun. Poutan, se pou fè fas ak reyalite sa a, nou chwazi tèm sa a pou ane 2011-2012: Aprè 50an, Kiwo, Ann angaje n…Nan rebati peyi n! Se vre kòm Mouvman Kiwo a, nou pa kapab rebati tout peyi a men nou kapab patisipe ak sa nou ye ak sa nou genyen nan rebati l pi byen. Paske Rebati peyi n pi byen mande yon konbit kote tout moun dwe mete men. Genyen yon gwo diferans ak Pou rebati peyi ak Nan rebati peyi n. Nan premye ka, sa ta vle di se nou menm ki ap rebati peyi a tandiske nan dezyèm, se ansanm ak lòt pou nou rebati peyi n. Se konsa ak tèm sa a, nou vle kontinye angaje pi fon toujou, menm aprè 50an, pou nou kore tout jèfò ki fèt toutan e tout kote pou peyi n rive rebati nan enterè tout pitit li yo.

Rebati peyi a se gwo kokenn chenn pwojè. Nou pa konn konbyen tan sa kapab pran. Men nou konnen se chak jou nou rebati peyi n. Rebati peyi n vle di fè peyi nou an tounen yon peyi kote moun viv nan kè poze ak nan jistis youn ak lòt, kote tout moun jwenn tout sa yo bezwen pou viv tankou moun toutbon vre (manje, sante, edikasyon, travay, kay), kote Leta ak Legliz ak tout lòt enstitisyon angaje yo nètale pou tout moun viv daprè dwa ak devwa yo genyen nan yon anvonnman ki sen, ki pwòp. Kiwo, se pou nou angaje pi fon toujou nan legliz nou, nan pawas nou yo. Se sèl bagay lè nou devlope bon jan relasyon ak tout lòt manm pawas nou yo, lè sa a nou kapab kolabore ansanm ak yo pou nou rive fè kominote pawasyal nou yo tounen pi misyonè kote gen piyaj lavi pou tout moun san pas pouki.

Mouvman Kiwo a ki se yon Mouvman anndan Legliz la. Li bay tèt li kòm objektif fè timoun ak jèn yo viv nan Kris la pou yo tounen bon kretyen ak

bon sitwayen nan sèvis peyi ak Legliz yo. Konsa kontinye fòme, akompaye timoun ak jèn yo pi byen anndan Mouvman Kiwo se mete men nan rebati peyi n. Paske moun ki byen fòme se yo menm ki kapab itil peyi a nan tout sa li bezwen pou li vin yon kote kote tout moun viv byen youn ak lòt nan respè tout sa Bondye konfye yo a (Anviwonnman). Angaje n nan rebati peyi n mande pou n kontinye ranfòse Mouvman Kiwo a nan òganizasyon li, nan fonksyonnman li, nan planifikasyon ak
evalyasyon li. Se angaje n pou respekte epi viv tout prensip Mouvman Kiwo a. Bonjan gwoup kiwo kap byen fonksyonne, bonjan komite rejyonal kap byen ankadre gwoup yo, bonjan Komite dyosezen kap anime, fòme gwoup ak rejyon .yo pi byen, yon Bon jan Konak kap byen panse pou Mouvman, yon Bon jan Biwo Nasyonal Kiwo kap egzekite epi fè swivi desizyon Konak la.

Li lè li tan pou nou pa rete ap gade, li lè li tan pou nou rezoud pwoblèm nou yo nan lapè ak nan respè youn pou lòt, li lè li tan pou nou mete nou ansanm ak lòt moun, ak lòt jèn pou nou rebati lavi Bondye vle pou tout pitit li yo nan peyi a. Se pou nou kontinye reflechi nan nivo tout enstans Mouvman Kiwo a pou nou wè ki analiz, ki jijman nap pote sou reyalite peyi n, se pou nou gade ki aktivite, ki aksyon, ki pwendaksyon nap reyalize pou nou kapab rive rebati peyi n nan tout dimansyon li yo dabò kote nap viv yo, nan reskonsablite nou yo kòm jèn, kòm kiwo, kòm sitwayen ak kretyen. Nan tout travay la, ann rete kole sou Kris la, ki se modèl nou ak fòs nou, malgre fèblès nou yo kòm moun.Wi, nou kapab ak Kris la ki kanpe ak nou. Rebati peyi n se zafè nou tout. Ann pa neglije tout fòmasyon, tout valè nou jwenn nan Mouvman Kiwo a.

BON KIWO 2011-2012! BON FÈT KRIS WA 2011! BON ANE 2012!

TEM JENERAL POU ANE KIWO 2011-2012

APRE 50 AN, KIWO, ANN ANGAJE N...NAN REBATI PEYI N!

Zanmi kamarad kiwo nan 4 kwen peyi d Ayiti ak lòt bò dlo, yon bèl salitasyon pou nou tout. Jan nou tout nou ka konstate l la, nan yon bat je ane 2010- 2011 lan deja fini sou nou. Pandan ane ki sot pase la, nou te pran rezolisyon pou n te kontinye kite fòs Lespri Sen an gide nou nan tout aktivite nou anndan Mouvman an, pou n te kapab ranfòse li, fè li vin pi djanm, nan legliz la ak nan sosyete a. Pou nouvèl ane sa a, lè nou gade tout otou nou, nou wè kouman sitiyasyon peyi nou ye depi nan ane 2010, sitou aprè tranbleman sa a tè ki te detwi lavi anpil kretyen vivan epi mete enstitisyon nou yo ajenou. Ebyen nou wè depi lè sa a, pa vrèman gen pwogrè ki fèt nan sosyete nou an. Nou pa di pa gen efò ki fèt, men efò yo manke pote fwi.

Nou gen anpil moun ki gen volonte men nou manke angaje nou tout bon nan travay la. Konsa pou ane sa a kote nou fin fete fèt 50 an egzistans nou nan peyi a, konsèy nasyonal kiwo a ap lanse yon apèl bay tout kiwo nou yo pou yo kapab rive pran reskonsablite yo tout bon kòm kiwo. Mouvman Katolik aksyon pawasyal pou n pa bliye misyon sosyal nou genyen nan deviz < Sèvi Kris la, peyi n ak pwochen nou> Konsa, tout kiwo aprè n fin savoure fèt 50 an, an angaje pou n kab rebati peyi n.

Aprè 50 an kiwo, Ann angaje n … Nan rebati peyi n!

Pou n rebati peyi n, se pa nan kontriksyon chèltè sèlman. Chèltè a genyen tout enpòtans li, men eske n ka konstwi yon peyi an chèltè? Non nou panse premye bagay pou n fè jodi a se rekonstwi fason nou panse a. Nou bezwen chanje mantalite nou. Anpil fwa nou vin ap di : ‘’depi n gen 2 pyès kay nan Pòtoprens, o nou pa gen pwoblèm’’. Men se nan ki kondisyon nou genyen 2 pyès kay la ? Ki kote nou genyen li ? Nou fè dap piyanp sou tè lòt moun, nou monte sou tèt mòn yo nal konstwi, nal konstwi kay nan nan ravin yo. Nap fè bezwen nou nan ravin ak lòt bò rivyè yo. N’ap fè bezwen nou nan sachè nwa lage l nan lari a.. Nou kole de grenn blòk pa gen fè, pa gen siman, pa gen senti pa gen anyen epi nou di nou gen kay. E l lè tranbleman tè pase ankò oubyen lè siklòn vini ? Atansyon nou paka bati kay pou bati kay oubyen pou nou fè wè nou gen kay. Fè wè pa dire, si se konsa nap toujou viktim, na’p toujou nan kriye. Kifè nou menm kiwo ki se yon Mouvman jèn ak timoun nan

Legliz la ak sosyete a, nou bezwen n angaje n pi plis nan sèvis peyi nou, menm jan nan angaje n nan legliz la. Aprè 50 an, tout kiwo rekonèt sa e tout moun wè l. Nou menm kiwo, se nou ki pou bay legliz la gou, ansanm
ak tout lòt moun ki manm Legliz la. Nou se sèl legliz la. Nou dwe angaje n tou pou sèl la pa pèdi gou li. Si sèl la pèdi gou li, se jete yap jete li, nan sans sa nou pa dwe bliye misyon n, nou gen reskonsablite pou n aprann chak moun kap viv bò kote nou ki jan Bondye vle pou nou viv tout bon kòm moun, kòm pitit Bondye.

Nou gen reskonsablite pou n fè fòmasyon sivik ak lijyèn popilasyon bò kote nou yo. Nou dwe kontribye nan edikasyon seksyèl jenès nou an. Twòp timoun ansent anba laj. Nou pipi kote n jwenn, jan n jwenn. Nou jete fatra kote n jwenn, nou koupe pye bwa kote n jwenn, nou bati kay nou kote n jwenn. Gen yon kote n te rive, nou wè majistra peye moun pou bale lari a, men ki kote yal jete fatra yo, se nan larivyè a. Ou fin pwòpte lari a epi wal sal rivyè a. Wap kontamine dlo rivyè a anpil moun ap benyen ladan oubyen lave. Se pa posib, bagay sa yo pa bon. Konpòtman sa yo merite chanje, se sak fè nou bezwen rekonstwi moun yo tou. Nou bezwen repanse mantalite nou. Nou bezwen yon lòt mantalite pou yon lòt sosyete, yon sosyete jis, korèk, pi fratènèl.

Aprè 50 an kiwo, Ann angaje n … Nan rebati peyi n!


Aucun commentaire: