jeudi 23 juillet 2009

Grave accident du Groupe Kiro de Croix de Mission












#56, Angle Rues Piquant et rue Lamarre, B.P 19252, Port-au-Prince, HT 6112, Haïti,Tel : 223-7476 / 223-7467/6579912, E-mail : Kiro.haiti@hotmail.com
Website: mouvementkirohaiti1960.blogspot.com

Anons e solidarite

Biwo Nasyonal kiwo a vle fè nou konnen nouvèl aksidan ki rive Gwoup Kiwo Kwadèmisyon ki taprale nan Kan nan Vil Pòsali, Okay. Aksidan sa a fèt nan Mòn Tapion (Ti Gwav) yè jou kite 20 jiyè 2009 la nan maten. Te gen plis 68 kiwo nan machinn sa a. nan tout kiwo sa yo, gen 8 ki rive pèdi lavi yo : kiwo sa yo se :
1. James Magloire
2. Ange Medine Joseph
3. Ulysse Jackson
4. Holnick Alexandra
5. Fred Joseph
6. Christiane Joseph
7. Nathalie Joseph.
8. Alexandra Hippolite( polisye PNH)

Nan sa ki rete yo, genyen ki blese grav e sa tou ki pa grav. Kounye a, tout jèfò ki fèt se pou pote sekou ak swen ak tout ki blese yo. Aksidan mete nou tout nan lapenn. Nou vle pwofite okazyon sa a pou mande tout lòt kiwo ki poko ale nan kan pou yo pale ankò, yon fason pou nou rete solidè ak Gwoup Kiwo Kwadèmisyon. Nou mande tout lòt gwoup ki nan Kan nan moman sa a, pou yo pran anpil prekosyon lè yap tounen lakay yo.

Konsa nou mande tout gwoup kiwo yo pou yo kontribye pou pèmèt nou òganize fineray epi kontinye asire swen tout kiwo ki lopital yo. Chak gwoup ap gen pou bay 500 dola oubyen plis nan Biwo Kiwo a oubyen nan Pawas Kwadèmisyon.
Mouvman konte sou kolaborasyon nou. Nou envite tout gwoup kiwo yo nan Achidyosèz la pou yo patisipe nan Fineray tout kiwo yo,lendi kap 27 jiyè 2009 8è 30 nan maten nan Katedral Pòtoprens.
Mayon nan mayon …chenn lan pap kase

Nou mande nou pou nou sonje tout kiwo sa yo nan lapriyè nou, sonje paran ak zanmi yo tou.

Pè Kakolo Beya Alexandre, cicm Alexandra V. Joseph




Omonye nasyonal Kiwo Sekretè Egzekitif

3 commentaires:

Dalce Myrlande Dolcine a dit…

Map salye tout kiwo tout kiwo nan peyi a sitou kiwo Kwadèmisyon yo, map di yo dekouraje nan travay Kris la konfye n nan paske travay fenk komanse e manke louvriye.

KENBE FE M PA LAGE !

Dalce Myrlande Dolcine a dit…

Map salye tout kiwo nan peyi a sitou kiwo Kwadèmisyon, map di yo pa dekouraje nan travay Kris la konfye n nan paske fenk komanse e manke louvriye.

kenbe fè m !

Bondye beni nou !

Unknown a dit…

Mwen Se Ti Se Ange Medine jiska prezan dlo pa ka seche nan Jem Lem Te jwenn sem nan blayi sou do nan mog
Sa tris anpil Lem sonje Jan kamyon sa te Chaje la tet o pye
An touka Dieu sait.