Un Mouvement des enfants et des jeunes au sein de l'Eglise Catholique. Au service du Christ! Vivre pour servir. Yon Mouvman timoun ak jen yo anndan Legliz Katolik la: Nan sevis Kris la. Viv pou sevi! A children and young people Movement in the Catholic Church. Serving Jesus Christ. Live for serving! Un movimiento de ninos y jovenes dentro de la Iglesia Catolica. Al servicio de Cristo. Vivir para servir!
dimanche 6 mai 2012
NIMEWO TWONPET ME-JEN 2012
NIMEWO TWONPET ME-JEN 2012
Chapo Ba
Tokay dirijan kiwo ki nan peyi a ak lòt bò dlo,
Se avèk anpil kè kontan nou antre ankò lakay nou
ak nimewo Twonpèt me – jen an e nou pwofite okazyon sa a pou n salye nou nan
non Jezi Kri Gran chèf nou an. Nou swete nou kè poze Fèt Pak la! Nou espere nou te pase yon bon tan karèm e
yon bon fèt Pak la kote nou te selebre laviktwa lavi sou lanmò, laviktwa limyè
sou tenèb la! Nou konnen, nou toujou nan tan Pak la kap kontinye jis dimanch
Lapannkot la, sa vle di 50 jou aprè Fèt Pak la; nan sans sa a, li bon pou nou
kapab kontinye toujou viv nan lespri Pak la dekwa pou nou kapab fè lespri lavi
a triyonfe tout kote nap viv yo. Pak se yon fèt kè kontan ak kè poze. Nou
konnen Jou Fèt Pak la se jou kote Konva yo fè pwomès yo. Konsa nou swete tout
konva yo ki angaje yo anpil
kouraj ak devouman nan sèvis Kris la.
Dirijan, pa bliye ak mwa me a, nou kòmanse twazyèm
peryòd la: ‘’Tout kiwo an aksyon…Pou
avansman Sosyete n!’’ Twazyèm peryòd sa a
mande n poze aksyon konkrè kote
nap viv yo dekwa pou n patisipe nan rebati peyi n. Nou pa bezwen chwazi aksyon
nou pa kapab reyalize. An n wè nan zòn kote nou rete yo ki aksyon ki kapab pote lavi tounèf Kris la pou frè ak sè nou
yo. Sosyete a pa kapab chanje si nou pa mete men nan
pat la, si nou pa travay ak konsyans nou pou nou fè sosyete nou an tounen yon
kote moun viv nan kè poze, nan jistis, nan respè youn pou lòt, nan respè pou
tout sa Bondye konfye n pou n jere a(anviwonnman). Se envitasyon sa a nou pral
jwenn nan mòdòd mwa me a: “Travay ak konsyans kiwo....pou n chanje
anviwonman n!” Konsa pou n kapab rive chanje anviwonnman n, nou bezwen
konkou chak grenn kiwo nenpòt ki kote li ye. Paske patisipasyon chak kiwo se li
ki fè fòs Mouvman Kiwo a nan tout peyi a. Se mesaj mòdòd mwa jen an: Kontribisyon paw kiwo…ka fè n vanse!”
Nou kite nou la pandan nap swete nou byen viv tout
fèt yo epi bon travay nan sèvis Kris
la ! Aprè 50an, Kiwo, ann angaje n…Nan rebati peyi n !
MODOD MWA ME
Travay ak konsyans kiwo....pou n
chanje anviwonman n!
Tokay kiwo yo, nou pap sispann retire chapo n pou
n salye w nan non Jezi gran chèf nou an.
Nou sòt viv de modòd ki trè fò pou mwa ki sòt pase a, nou jewnn de mo
nou dwe pran ak kè ki se: “travay ak
konsyans’’ . Zanmi kiwo yo nou jwenn modòd mwa me a ki ale pi lwen ki pwal
fè parèt aklè. Travay pou kisa? Konsyans
nan ki sa, poukisa pran konsyans ? “Travay ak konsyans kiwo....pou n chanje
anviwonman n”.
Modòd Mwa Jen
Tokay kiwo nan 4 kwen peyi ayiti ak lòt bò dlo,
yon bèl kout chapo ba pou nou tout! Pou
mwa jen an, nou gen yon modòd ki enviten travay pote kontribisyon pa n nan
rebati peyi n pou n remet peyi n kanpe; efò pa nou tout enpòtan. Lè yo di n kontribye
se pa sèlman ak lajan nou kontribye, gen
anpil fason nou kapab kontribye: ou ka kontribye ak kouraj ou, ou ka kontribye
ak lide w, ou ka bay yon bon konsèy ki pou pèmèt travay la avanse. Ou konn pase
yon kote ou wè yon travay kap fèt yo diw li rive fèt gras ak konkou tel ou tel
enstitisyon ak popilasyon an, ebyen
popilasyon an se pa lajan li bay non, sèl bagay yo aksepte pou yo fè yon ti
rediksyon nan sa yo tap touche a, ti sa
yo pran sou yo a se li ki kontribisyon popilasyon an.
Kontribisyon pa’w kiwo...ka fèn avanse
Modòd sa fè n sonje yon chan ki di (ann
kontinye lite poun konstwi yon nouvo sosyete). Kiwo yo te konn chante l anpil aprè gwo rejim diktatoryal
la te fin tonbe. Jounen jodi a nou twouve
nou nan yon gwo peryòd ki fè n wè se pa selman kont diktati, kont piyay ak
anachi nou ka goumen. Nou bezwen goumen tou pou n chanje fason nap viv la, fason
nou panse a nou dwe lite pou n bay tèt nou disiplin pou n chanje konpòtman nou,
nou bezwen lite pou n pa bati nenpòt kijan ak nenpòt ki kote. Nou bezwen goumen
anpil pou n aprann peye taks bay leta
peyi nou. Jezi te di nou se pou nou bay seza sa ki pou seza epi bay Bondye sa
ki pou Bondye; se pa sèlman sa lè n jwenn posiblite pou n vin okipe gwo plas
nan peyi a pou n peye taks, peye taks se yon devwa sivik, si w pa peye l, leta
ta dwe mete w nan prizon. Modòd
sa fè n sonje tou yon lòt chan ki di : O lespri Sen desann sou nou, nou
gen yon misyon pou Ayiti. Se menm misyon sa nou menm kiwo nou gen pou jodi a apre 50 an nou an lè n chwazi bay tèt nou
misyon sa, se komsi nou te pran desizyon pou n wete nan tèt nou, tout espri
egoyis, tout lide plen pòch ak plen vant, pou n travay nan bay peyi a yon lòt
direksyon.
Men lè n gade nannan sosyete nap viv jodi a, nou
wè chan sa n sòt di piwo a, yo preske pa chante li ankò. Si yon jou yon gwoup
ta deside chante li, yo pa di ayiti, yo di yo gen yon misyon pou latè a, sa vle
di jounen jodi a zafè ayiti preske pa gade moun yo. Nou chita nan pwòp peyi nou
ki se ayiti, pou n defann entère peyi etranje. Pase n batay pou peyi n chanje nou pito vann
peyi a bay etranje. Anpil
ayisyen pa pran konsyans de sa yo ye. Nou pito defann enterè espri egoyis, tout
lide plen pòch ak plen vant pou n travay
nan enterè peyi n pou n wè ansanm kijan nou kapab bay peyi a yon lòt
direksyon. Men erezman pou nou menm
kiwo, jodi a nou rive depase lide sa, nou
oblije angaje n nan zafè peyi n. Ann pran konsyans epi pou n fè l ak konsyans.
Lè yon sitwayen peye taks bay leta, lè tout sa
l’ap regle li pase nan chimen legal pou
li fè li, lè li pa fè fo epi li pa patisipe nan frod, li se yon moun ki kontribye nan ranfòse otonomi peyi li. Li kontribye
nan avansman peyi n. Lè w sèvi ak bagay ki fèt nan peyi w : ou manje manje
ki fèt nan peyi w, ou kore pwodiksyon nasyonal ou. Lè w pa jete fatra nan lari
a, lè w pa fè w bezwen w nenpòt ki kote nan peyi a, ou kontribye nan pwoteje
anviwònman w. 24 jen ki pwal vini an tout kiwo ap plante yon pyebwa, an n fè sa
ak tout kè nou,ak tout fòs nou, an n mete tout devouman nou ak tout kè kontan
nou, pou n fè travay la, ann kontribye pou n gen yon Ayiti vèt.
Wi nou tout konsène, nou tout kapab, jèn kou gran
moun, piti tankou vyeya ; ann
kontribye nan reyalizasyons travay sa a. Ann kontribye poun remanbre leta peyi
n. Ann kontribye pou n gen yon anviwonman sen. Lè sa a, nap kapab viv an sante,
san estrès, san kè sote, nan lapè, lanmou, nan yon bèl ayiti ki bay anvi viv.
Kontribisyon pa w kiwo…ka fèn vanse.
Kwen
seksyon mwa Jen 2012
Kontribisyon paw kiwo….ka
fèn vanse!
Zanmi dirijan kiwo nou yo kèlkeswa kote nou ye
nanmond lan, nou salye nou avèk anpil respè. Se avèk anpil kontantman nou frape
pòt kay nou pou n prezante nou ribrik pa n nan kise ‘’Kwen seksyon’.’
Dirijan, sa n pral di la nap sèvi ak yo nan tout
seksyon yo. Nou pa gen pwoblèm siw pa sèvi ak yo, ou sèvi avèk afè pa w.
Pou kòmamse
nap chita pale sou 3em peryòd lan, yon peryòd ki mande pou n poze anpil aksyon
konkrè. Aprè nap pale sou modòd lan, nou kapab fè travay lan an ekip, konsa tou
ou kite yo pale epi dirijan ou fè konklizyon an. Nou gen jounen mondyal timoun
yo, li enpòtan pou n pale yo sou ‘’dwa ak devwa ‘’ yo genyen, nou pap bliye fèt
Dye, fèt papa yo.
Nou toujou bay fèt manman yo plis valè epi nou
neglije fèt papa yo, fwa sa se pou n ba li enpòtans li paske yo chak gen yo nan
fanmi an. Genyen tou jounen mondyal dwòg. Li bon pou n raple yo kisa dwòg ka fè
epi kijan lap boulvèse mond lan.
Dirijan nou gen gwo dat kise
24 jen pou tout moun mete yon pyebwa nan tè kote mouvman kiwo a bay anpil
enpòtans. Pyebwa nap
plante yo, nou ta konseye nou plante pyebwa kap bay fwi. Se moman tou pou n
pale de anviwonman an sitou nan peyi
nou.
Mwa sa se mwa egzamen, touswit nap gen pou n
prepare ‘’kan’’. Tokay nou yo pa janm bouke pale de kan souple. Se kontribisyon
pa w, kontribisyon pa nou tout kap fè n reyisi kelkeswa sa nap antrepran. Nap
swete tout timoun ak tout papa ‘’bòn fèt’’ epi ‘’bòn vakans’’ ak tout
moun.
Gran sesyon fòmasyon nasyonal
Kiwo : Gran nò ak Gran Sid :
17-20 me 2012.
Kòm nou konnen l nou tout, epi kòm sa te deside nan Kanaredyo mwa fevriye
ki sot pase a, BNK ap prepare yon sesyon nasyonal fòmasyon pou dirijan kiwo yo,
sitou reprezantan rejyon yo ak dyosèz yo,
yon fason pou yo kapab jwenn yon espas kote yo kapab reflechi sou fason tout
kiwo yo kapab viv pi byen tèm ane kiwo
2011-2012 la ki di : « Aprè 50
an kiwo, ann angaje n … nan rebati peyi n ! ». Sesyon sa a ap fèt soti nan jedi 17 rive nan dimanch 20 me 2012. Lap fèt nan menm
moman, men nan de (2) zòn diferan pou fasilite deplasman yo epi pèmet tout
dyosèz yo patisipe. Se poutèt sa a, tout Gran Nò a (ki gen ladan l dyosèz
Fòlibete, Pòdpe, Okap, Ench ak Gonayiv la) ap reyini nan vil Gonayiv, epi Gran
Sid la li menm (ki gen ladan l dyosèz Jakmèl, Jeremi, Ansavo e Miragwann,
Potòprens ak Okay) pral reyini nan vil Okay. Nou espere akeyi 500 dirijan
kiwo : chak dyosèz ap bay 40 dirijan kiwo, plis manm KDK, BNK, elt.
Gen plizyè reyinyon ki fèt deja nan nivo lokal ak
nasyonal, ak reprezantan KDK yo ,KRK yo ak BNK pou planifye epi prepare
òganizasyon gran sesyon fòmasyon sa a. Fòmasyon sa a pral pote plis sou tèm jeneral ane a -nou vle konprann epi viv pi
byen-, sou inifòmite Mouvman kiwo a nan tout peyi a, sou reskonsabilte nou kòm
kiwo devan anviwonman peyi n, sou dwa ak devwa nou kòm sitwayen epi tou sou
angajman nou anndan Legliz la ak sosyete
a.
Kòm dynamik, nou pral travay an atelye pou n kapab
reflechi sou kèk aksyon sosyal nou pral reyalize aprè sesyon fòmasyon an nan
zòn kote nap viv yo. Epi nap gen panel kote nap bay reprezantan chak dyosèz yo
yon espas pou pataje reyalite ak eksperyans yo sou fonksyonman Mouvman Kiwo nan
nivo lokal, nan nivo rejyonal oubyen nan nivo dyosezen an (pwen fò, pwen fèb,
pwen ki merite chanje). Pou sa, nou mande pou chak dyosèz byen prepare pataj yo
pral fè ak lòt yo. Yon bon ti rapò ekri sou lavi kiwo nan dyosèz la kapab pèmèt
Panel la ede n wè pi klè ki kote nou soti, kote nou ye ak kote nou vle ale
sitou aprè selebrasyon 50an Mouvman Kiwo a. Nou pral prezante travay sou
oryantasyon Mouvman Kiwo a aprè 50 an : Kouman li ap mache e nan ki pwen
nou rive. Epi ki remak ak sijesyon nou kapab jwenn nan men kiwo yo pou travay
la kapab fèt pi byen toujou.
Nap gen pou n fè kèk aksyon sosyal tou, ni Gonayiv
ni Okay, yon fason pou fè moun yo konprann nan ki sans nou vle viv tèm ane a,
nan ki sans nou angaje n pou rebati peyi nou an. Ak aksyon soyal sa yo, nou vle
fè moun pran konsyans dwa ak devwa nou tout genyen pou peyi nou an, pou
anviwonnman kote nap viv yo. Nou pral òganize plizyè Konkou tankou Chan, dans,
teyat, desen, pwezi, jwèt, gran manjè, elt. Nou vle pou tout konkou ki rive
reyalize yo montre nou kouman nou kapab byen viv tèm jeneral e sitou bay yon
temwayaj ki provoke chanjman nan sosyete nou an. Se pral yon
bèl moman pou ranfòse idantite nou kòm moun, kòm kiwo Ayiti. Nou pral prepare yon mesaj final
pou tout kiwo yo nan peyi a ak lòt bò a, pou tout moun nan Legliz la ak nan
peyi n.
Aprè 50 an, Kiwo, Ann angaje n…
Nan rebate peyi n!
Bon patisipasyon!
Inscription à :
Articles (Atom)