mardi 15 décembre 2009

GWOUP KIWO PIYON NAN OKAZYON FET KRIS WA 2009( DYOSEZ OKAP)
Zanmi Kiwo, nou kontan pou tout nouvel nou te voye banou nan okazyon Fet Kris Wa, ki se fet tout Kiwo . Nou te jwenn tout nouvel Zanmi Kiwo ki nan kat kwen peyi a ak lot bo, espsyalman kiwo nan zon Miami. Nap kite nou we ki jan Gwoup Kiwo a nan zon Piyon ( Dyosez Okap) te fete Fet Kris Wa lakay yo :
« Biwo nasyonal la nou menm nan mouvman Kiwo nan Pawas Piyon an nou kontan bese byen ba pou nou salye nou pou bon jan travay nap fè pou pèmet legliz la vanse pou pi devan. Nou vle fè n' konnen nou vizite website la nou wè sa ki ladan l'. Nou ou pwofite voye pou ou kek nan foto nou yo pou peryòd fet Kris wa ane 2009 la. Nou te gen plis pase 70 Kiwo nan fet la e tout lot te absan paske yo pa gen mwayen pou achte Inifòm yo.
Nan foto sa yo nap' wè kek timoun ki gen yon ble ak yon foula Jòn ladan l' se ti moun mim pa nou yo ye ki mime nan mès kiwo yo nan pawas la e lot yo ki gen rad wouj se timoun ki danse majoret. Sa vle di pa gen anyen ki afekte iniòm kiwo a.

-Nou te chante yon bel mes nan legliz la
-Nou te fe yon bagy spesyal nan legliz la pou 11 konfre nou yo ki te mouria
-Nou te gen bel parad nan lari a pou popilasyon an
-Apre sa nou te gen yon resepsyon ansanm.
Map mande nou pou nou mete kek nan foto sa yo nan webside la.
Plis pase sa map mande nou pou nou Korije pou mwen nan abònman twonpet la non mwen paske li toujou mal ekri.
Non mwen se Berteau Zephir
Bay yon lot fwa epi kenbe fem nan travay nou. Ke Bondye beni nou nan tout sa nap fè pandan nap kore
50 an ansanm
Berteau
BNK swete bon kouraj nan tout aktivite nou yo, Se pou limye kris la klere nou pou 50an ka bel-

Aucun commentaire: