mardi 15 décembre 2009

MESAJ FET KRIS WA 2009



Mesaj Mouvman Kiwo d Ayiti nan okazyon fèt Kris Wa 2009

Konsèy Nasyonal Kiwo a, koube l byen ba pou l salye: Evèk yo, Pè yo, Dyak yo, Relijye ak Relijyez yo, layik yo, tout Kiwo yo, tout paran kiwo yo, zanmi kiwo yo ak tout pèp Bondye a. Jan nou tout konnen l lan, Kiwo a se yon Mouvman jèn ki anndan Legliz Katolik, ki chita sou fòmasyon Timoun yo ak Jèn yo, sou plan relijye, sosyal ak kiltirèl.

Sòti nan lane 1960 pou rive 2009, sa fè 49 lane depi Mouvman Kiwo a ap feraye nan kat kwen peyi Dayiti. Malgre bon tan ak move tan, Mouvman Kiwo a rankontre sou chimen l, Bondye lavi a toujou pèmèt li, ansanm ak nou tout manm li yo, kenbe fèm nan travay Jezikri a. Objektif Mouvman Kiwo a se : « Fè Jèn yo viv nan Jezikri ». Men pou n rive reyalize bèl objektif sa a nan lavi nou kòm Kiwo, nou bezwen limyè Kris la pou nou kapab wè pi klè sou chimen 50an Mouvman Kiwo an Ayiti. Konsa, depi 2 zan Konsèy Nasyonal Kiwo a te chwazi yon tèm pou ede n prepare 50 an Mouvman Kiwo a kap rive an 2010:
« Kiwo, Kris la se limyè sou chimen 50an ». Jan 1:9 rive 10.

Tokay Kiwo 50an se demen. Nan sans sa a, nap mande n pou youn bay lòt lebra. Ann met men nan pat la pou n kapab rive kote Jezi Kri, Gran Chef nou, vle mennen nou. Jezi Kri klere ak limyè l pou nou kapab vin bon kretyen angaje ak sitwayen reskonsab. Kidonk, nou vle angaje n pou nou jwenn bon jan fòmasyon ak ankadreman ki kapab ede n sèvi sosyete ak Legliz nou pi byen. Konsa, nou tout kiwo, timoun tankou jèn, nap kapab genyen nan men nou tout zouti nou bezwen, non sèlman pou itil legliz ak sosyete a men tou pou nou kapab rive dekouvri valè n yo kòm moun epi pran reskonsablite nou yo tout kote nap viv ak tout kote nou pase :
« Ak bonjan fòmasyon kiwo… nap kore 50 tan ».
Fòmasyon sa a tèlman enpòtan, nou tout, timoun tankou jèn, nou dwe ba l plis valè pandan nap byen dispoze n pou n bay li, resevwa l epi pou n viv li. Pou sa a, nou bezwen konkou enstans konsène yo tankou : Legliz la ki se otorite relijyez kap veye sou bòn mach mouvman kiwo a, Leta ak fanmi yo ki pi prè timoun yo ak jèn yo. Fòk nan peyi nou, tout timoun ak jèn yo jwenn chans al lekol, fòk yo tout jwenn yon plas nan lekòl katolik oubyen nan lekòl Leta, sitou sila yo ki pa gen mwayen.

Kòm Kiwo, nou se Disip Misyonè Kris la. Men pou n kapab bon disip misyonè, nou dwe gen yon fòmasyon ki chita sou tout plan. Nou pa dwe bliye Jezi rele nou depi nan batèm nou pou n kapab swiv li, viv ak li, obsève l dekwa pou n kapab anonse epi temwaye tout sa li aprann nou.
« Kiwo, Disip Misyonè Kris la …Se idantite n ! »
Nou pa kapab disip Jezikri san nou pa misyonè. Swiv JeziKri se deja anonse l, se kontinye misyon li. Yon bon misyonè, se sila ki fè kò l piti pou li kapab sèvi frè ak sè li yo, se sila ki konn pataje tout sa li ye ak tout sa li genyen ak lòt yo, sitou ak sila yo ki pòv. Kòm disip misyonè, nou dwe viv idantite nou nan Legliz la, nou dwe respekte tout moun pandan nap rekonèt tout dwa moun nan genyen pou l viv, nan diyite l ak nan respe valè kilti li genyen. Se pou sa a, nou menm nan Mouvman Kiwo d Ayiti nou vle poze bonjan aksyon pou n kenbe valè kilti lakay nou.
« Poze bonjan aksyon kiwo… Pou n kenbe valè kilti nou ! ».

Nou gen yon peyi, nou gen yon kilti, nou dwe gen respè pou kilti lakay nou, pou tout pawòl granmoun yo pandan nap rekonèt se Bondye ki kreye tout bagay e se Jezikri ki sèl Wa nou. Kòm Kretyen Ayisyen, nou dwe sonje Kris la se modèl nou. Nou dwe sèvi modèl pou lòt yo nan aksyon nap poze pou defann peyi n, tout valè kilti ak tradisyon nou yo. Paske se ladan yo, Bondye rele nou pou nou kapab kontinye misyon n kòm patizan Jezikri nan Legliz la.

Zanmi kiwo, pou n kapab fete yon bèl 50 an, nou bezwen travay san pran souf pandan nap korije tout fòt nou yo, nan sa nou te manke pran reskonsablite nou. Nap kontinye fè solidarite youn ak lòt nan tout sitiyasyon lavi a. Nan moman sa a, nap sonje tout kiwo yo ki pati pran devan, pi espesyalman Gwoup kiwo Kwa dè misyon ki te gen 11 jèn kiwo ki pèdi lavi yo nan yon aksidan (nap kanpe pou yon minit rekeyman). Nou tout, se Disip misyonè Jezi Kri pou pèp yo gen lavi nan Li. Konsa, ann angaje nou pou n kore lavi, pou nou sove lavi tout pitit Bondye yo nan peyi nou an. Nap pwofite moman sa a pou n remèsye tout moun ki te fè solidarite avèk Mouvman Kiwo a nan soutni tout kiwo yo ki te viktim ak lapriyè, swen, soutyen finansye, san, ankourajman, elt. Se pou fet 50 lane Mouvman Kiwo nou pral selebre ane pwochen mete nou ansanm kòm kiwo byen djanm pou yon Mouvman Kiwo solid nan fòmasyon timoun ak jèn yo nan Legliz la ak Sosyete a. Se pou Bondye Granmèt la beni tout kiwo ak tout paran ak zanmi Kiwo yo ansanm ak tout moun ki te travay pou Mouvman Kiwo a pran rasin nan peyi a, ak tout sila ki toujou ap kore ak li ak tout kè yo.
« 50 an rive kiwo… Nap kontinye travay ! ».

Mesaj Mouvman Kiwo d Ayiti nan okazyon Fèt Kris Wa epi 49èm Anivèsè Mouvman Kiwo D Ayiti
22 novanm 2009

BNK

Aucun commentaire: