mardi 28 février 2012

 

 

Chapo Ba

 

Dirijan Kiwo nan peyi ak lòt bò,

Nou kontan antre lakay ou ak nimewo Twonpèt Mas-avril pandan nap salye ou nan Jezi Kri nou tout nap swiv e nap sèvi kòm Kiwo.

Nou espere nou tout te pase yon bon tan kanaval. Nou espere tou nou te kapab pase yon bon moman ak Gwoup nou nan sesyon oubyen retrèt, oubyen jounen refleksyon oubyen ankò yon ti soti nan gwoup la pou byen prepare n pou antre nan tan Karèm 2012 ki kòmanse jou mèkredi lesann nan aprè twa jou gra yo, 3 jou kanaval la nan tout peyi a.

                                                                                      

Se Konsa nou chwazi ede nou kontinye reflechi sou enpòtans Tan Karèm genyen pou nou kòm kiwo, kòm kretyen katolik. ‘’Ann rekonsilye Peyi nou nan Laverite ak Fòs Jezi Kri a’’, se tèm sa a Komisyon Episkopal Nasyonal Jistis ak Lapè, pwopoze nou pou byen viv Tan Karèm nan. Kouman rekonsilye Peyi n nan laverite ak fòs Jezikri a, lè nou pa konn akeyi laverite a sou lavi noua k kè kontan ? Laverite a jenen nou anpil, li kapab menm mete nou dozado. Men sou nou kite Kris la anvayi n ak fòs li, nou kapab akeyi laverite sou lavi nou. Konsa nou kapab rive refè relasyon nou youn ak lòt yon fason ki korèk.

Tèm tan Karèm sa a ap ede n nan tout jèfò nou pral fè, pandan tan sa a, pou nou kase tèt vin jwenn Bondye nou an pandan nap rekonsilye nou ni ak tèt nou ni ak lòt yo, ni ak tout sa Bondye fè nou reskonsab yo. Nou vle fè nou fò, pandan tan sa a, kont tout sa a ki anpeche n bay Bondye premye plas nan lavi nou, e kont tout ki anpeche viv byen youn ak lòt nan peyi a, nan legliz la, nan kominote nou yo. Nou vle fè l atravè lapriyè, penitans ak pataj.

Men tou tèm tan Karèm sa ap ede kontinye viv tèm jeneral nou an pou ane a: Aprè 50an, Kiwo, ann angaje n… Nan rebati peyi n ! Nou bezwen patisipe nan tout jèfò, tout aksyon ki ap fèt pou Peyi a rebati pi byen. Sa vle di nou vle angaje pou Peyi n tounen kote tout moun viv byen youn ak lòt e sitou kote tout moun jwenn tout sa yo bezwen pou viv tankou pitit Bondye yo. Konsa angaje n nan rebati peyi n, se travay, pandan tan karèm sa a, pou yon vre rekonsilyasyon fèt nan peyi n, nan Legliz nou, ant tout moun kap viv nan peyi a, pou tout moun wè valè, nesesite ki genyen pou nou tout byen viv youn ak lòt, nan verite, nan respè youn ak pou lòt, e sitou nan renmen ak fòs Kris la.

Rekonsilye peyi n nan laverite ak fòs Jezikri a se pran konsyans Peyi a sa a  se Bondye ki fè n Kado l pou nou viv ladan l kòm premye reskonsab. Se travay pou nou merite kado sa nou jwenn nan men Bondye a, se mete sou kote tout sa kap divize n, tout sa kap detwi nou, tout sa kap fè nou youn rayi lòt, tout sa kap fè n chache enterè pèsonèl nou, pou nou wè ak travay sèlman pou enterè tout moun (Byen tout moun) nan tout pawòl ak aksyon nou yo.

Modòd mwa mas mete n sou angajman sa a : Konsyans ou… se pi gwo zouti ou ! Kiwo yo, nou bezwen rekonèt tout favè Bondye fè nou yo epi angaje n pou tout sa nap reyalize yo kapab refè amoni nan mitan nou ak tou sak vironnen n. se konsyans nou, se lafwa nou ki kapab ede n konprann kijan se nan yon menm e sèl Bondye nou tout soti e kouman nou gen anpil avantaj pou nou byen viv youn ak lòt, pou n ansanm rekonstwi peyi sa a Bondye Konfye n nan.

Li lè li tan pou nou angaje n pou rekonstwi peyi nou. Se sa a Modòd mwa avril la envite fè deja : Angaje n…Pou Travay la kòmanse ! Se konsa Fèt la Pak ap pote pou nou lavi tout nèf la, limyè Kris la kap klere nou e kap montre n ki chemen ki dwe pran pou nou rive rekonsilye Peyi n nan Laverite, pou nou rebati peyi n pi byen nan tout sa nap di yo, nan tout sa nap fè yo.

Dirijan Kiwo, nou pa vle pran tout tan ou. Nou kite ou la pou ou kapab fè yon bon gade sou tout kalite ribrik Nimewo Twonpèt la pote pou ou. Nou espere li ap ede nan travay ou kòm reskonsab anndan gwoup Kiwo ou a. ‘’Men ale men vini, fè zanmi dire’’, nap tann tout remak, kesyon ak konsèy ou yo pou Twonpèt la kapab toujou parèt pi byen ni nan fòm li ni nan fòn li.

Bon tan karèm ! Bon Fèt Pak ! Bon travay, Dirijan !





Modòd Mwa Mas 2021

Zanmi tokay kiwo yo,  yon  lòt fwa ankò nou wete chapo n byen ba pou  n salye n nan non Kris la Gran Chèf nou.  Aprè nou fin n viv modòd mwa ki sot pase a, jounen jodi a yon fwa anplis nou envite w viv avèk nou modòd mwa sa ki di:  KONSYANS OU… SE PI GWO ZOUTI !

Zanmi nou yo, konsyans se yon mo ki fò anpil, li sòti nan laten   (conscientia), li fòme  avėk  de  mo ki se   (cum) : ki vle di avėk   ak  (scientia): ki vle di (science).  Sou pwen moral  nou kapab di se yon  santiman  anndan w,  ki pou ede w jije sa ki  byen  ak  sa ki mal,  avèk li nou kapab  reyalize  anpil bèl  bagay. Kòm  kretyen, kiwo nou dwe kite se  konsyans nou ki se sèl  gid  nou  tout  kote nou pase, tankou   lakay nou, nan lekòl,  travay, legliz, nan anviwonman kote nap viv la, pou n pa di nan  kad jeneral sosyete kote  nap evolye a . Nan yon fason ki pi konkrè nou kapab di yon kiwo dwe yon referans, yon modèl   pou lòt yo, nan fason  lap konpòte l nan sa lap fè yo.

Jounen  jodi a peyi n twouve l nan yon  sitiyasyon kote chak jou pi plis lap  fè bak.  Kòm kretyen, kiwo  nou dwe mete men n nan pat la pou ede l  sòti nan kafou difisil sa  li ye a. Men se  kouman nou ka rive  fè sa ? se lè nap itilize  konsyans nou kòm pi gwo zouti   pou nou fè travay  Kris la konfye nou an. Si nou chak nan sa nap fè ki parèt pi senp,  oswa pi banal la, nou fè l byen  ak  konsyans, nou sèten piti piti  nap jwenn tout bon vre  rezilta nap chèche a. Pa  bliye nou tout, nou chak, nou gen  patisipasyon pa nou pou n pote nan rekonstriksyon peyi sa kèlkeswa nan domèn n  nap  evolye a. 

Se chak jou nap di enstitisyon ak systèm peyi nou an kòronpi nan fason  bagay yo ap fonksyone, se vre yon sèl moun pap  ka chanje tout yon systèm men, si chak moun nan fason pa li, nan domèn li ye a, travay ak konsyans, nan anviwonman kote lap fonksyone a pwoteje l pandan lap travay pou fèl  tounen yon ti paradi pou lòt yo, yo menm tou yo va kopye bon jan legzanp. Konsa Ayiti va jwenn delivrans lap chèche a.

Zanmi tokay  nou yo si nou kite konsyans nou gide nou,   sèvi ak li kòm zouti ansanm,  na di yon jou Ayiti peyi cheri nou  an va libere … Li va rive byen rekonstwi….

Pa janm bliye  kiwo  


Aucun commentaire: