jeudi 27 octobre 2011

Modòd Mwa Novanm 2011

KIWO NOU SE SÈL…NAN LEGLIZ LA !

Tokay nan lane 2007- 2008 nou te gen yon tèm ki di : Ann chache … Visaj Kris la ! Nou menm kiwo pou n pat rete ap gade ni anlè ni atè, se nan frè n ak sè n yo nou tap chache l, nou chak nou reprezante Kris la sou tè a. Se nan fason sa a nou kapab di kiwo nou se sè l … Nan legliz la !
Sèl la nou sèvi avè l pou plizyè bagay :

· Pou bay manje gou
Nou menm kiwo kòm kretyen batize kap kolabore nan litiji, nan katechèz, nan diferan sakreman yo ak aktivite nan legliz la, nou dwe ede moun yo, pou yo pi renmen sa n’ap selebre a. Pou yo ka dekouvri prezans Bondye nan mitan nou. Se nan aksyon n ak konpòtman n e tout kote nou ye ki pral fè lòt moun yo gen gou pou yo vini e patisipe nan aktivite legliz la.
· Pou konsève manje
Sèl la nou sèvi avè l pou konsève vyann ak pwason, nou menm kiwo kretyen batize nou dwe ede moun yo a konsève lafwa yo. Tout sa nou fè e tout sa nou di dwe kontribye, fè moun yo pi atache e viv pi byen la fwa yo andan legliz la, nou pa dwe yon siy divizyon anndan legliz la. Okontrè nou dwe rekonsilye e ankouraje fidèl yo pou vin pi pwòch youn ak lòt, pi pwòch Bondye.

Konpòtman nou ak aksyon nou pa dwe distrè moun yo anndan Legliz la. Nou pa dwe rive anreta nan Legliz la ni pale ni ak lòt moun oubyen pale nan telefòn. Nou dwe evite tout jès oubyen kompòtman ki kapab detounen atansyon moun yo. Lè yo mande n yon sèvis nan selebrasyon anndan Legliz la, nou dwe fèl byen, kite se lekti, chante, fè mim, fè anfankè, elt. Si nou nan akèy, se pou nou dispoze n pou byen resevwa moun yo.

Sonje kiwo nou se pòtre Kris la, nou dwe yon modèl pou lòt jèn yo paske jèn yo se avni legliz la ak peyi nou. Se pou konpòtman nou, pawòl ak aksyon nou yo pouse lòt moun fè byen. Fòk nou viv vokasyon kòm batize, kòm prèt, pwofèt ak Wa. Fòk nou travay pou Peyi Kote Bondye Wa rive nan kote nap viv yo, nan kominote nou yo. Fòk nou veye pou tout moun viv byen sitou sak pi fèb yo, sa ki pòv yo, elt. Tout kote nou ye, nou ta dwe fè jèfò pou tounen patizan lavi, kèk poze, renmen, jistis pou tout moun Bondye mete sou wout nou.

Kiwo nou se sèl … Nan Legliz la ! Pwiske nou reprezante Kris la nou se pòtre l tou, nou ka di kiwo nou se sèl lavi a.


MÒDÒD DESANM 2011


JEZI VINI...POU LAVI TOUNÈF!
Tokay kiwo nan kat kwen peyi Ayiti kou lòt bò dlo ekip la antre lakay ou pou n reflechi sou modòd mwa desanm nan: ‘’Jezi vini ... Pou lavi tounèf’’.

Pou nou menm kiwo, pou viv lavi tou nèf Jezi vini pote ba nou an, li enpòtan anpil pou n obsève e mete an pratik pawòl Jezi yo. ( Jan 3 v 16) Bondye tèlman renmen nou li ba nou sèl grenn pitit li a, konsa tout moun ki kwè nan li ap gen lavi kap dire pou toutan.

Matye 7 v 21 se pa moun k’ap di Granmèt, Granmèt k’ap antre nan wayòm Bondye a men se sa ki fè volonte Papa a. ( Mat 19 v 16-17) E se repons sa a tou, Jezi di jenn nonm rich la si ou vle antre nan lavi a..

Mete anpratik kòmandman yo, Jezi pale pi klè toujou nan ( Matye 25 v 31-46) kote nan dènye jijman an, Bondye pral jije nou sou sa te fè pou pitit yo. Kifè se pa lafwa sèlman ou byen legliz nou ki pral sove nou men se yon lafwa ki makonnen avèk la charite. E se poutèt sa apot Jak di :< Menm jan kò a san Lespri a li mouri, se konsa tout lafwa san bon zèv, li mouri ( Jan 2v 26).

Si w se yon kretyen < Katolik ki rete kole ak legliz nan vil wòm nan, se Jezi Kri, pitit Bondye a kite fonde relijyon w lan, nan lane 33. Nou menm

kiwo nou se menm swasant douz disip Jezi te chwazi pou kòmanse bati legliz la ( Lik 10 : 1-2) sou douz Apòt yo ( Mak 3: 14-19) avèk Pyè kòm chèf ( Mat 16: 18-19) se legliz sa a kite pran konsyans li egziste tout bon vre, gwo jou pankòt la, lè Pyè pran la pawòl pou l deklare: “Nonm nou te kloure sou kwa a se li menm Bondye fè granmèt, se li menm Bondye fè Kris la, ( Trav Ap. 2v 36) se Jezi Kri ki modèl nou, se pou li n’ap fè disip epi li avèk nou jou k sa kaba. Al fè disip pou mwen nan tout nasyon, batize yo nan non papa a, pitit la ak lespri sen an. Montre yo pou obsève tou sa mwen te ba nou lòd fè sonje sa byen, mwen avèk nou toulèjou jouk sa kaba (Mat, 28 : 19-20)

Zanmi kiwo jodi a si nou gade sitiyasyon peyi n ou ta mande eske nou pa pèdi idantite n ?
Aprè yo 50 an depi nap swiv Jezi Kri, nou dwe panse a rebati peyi a sou yon lòt fondasyon, kote nou tout konsène nan poze bon aksyon, angaje n tout bon pou sa chanje. Se lè a nou kapab di tout bon : ‘’Jezi vini … Pou lavi tou nèf ‘’.

Aucun commentaire: