dimanche 21 mars 2010

Mesaj Kiwo Nan Okazyon Tranbleman te 12 janvye 2010

Mesaj Mouvman kiwo nan okazyon katastwòf 12 janvye 2010 la

Zanmi kiwo nou yo nan kat kwen peyi a, Monseyè nou yo, Pè nou yo, relijye nou you ak relijyez nou yo, zanmi ak paran kiwo nou yo, frè nou yo ak sè nou yo, nou salye nou nan non Jezi Kri gran chèf nou.

Depi 12 janvye 2010, peyi d’Ayiti twouve l nan yon sitiyasyon pèsonn moun pat espere, yon sitiyasyon ki simen latwoublay nan kè tout moun. Pèsonn moun pat epanye nan gwo katastwòf natirèl sa a. Anndan Legliz nou an, nou pèdi Monseyè Joseph Serge Miot, ki te yon gran kiwo pou tout soutyen li te pote ak tout kè li pou Mouvman Kiwo a. Nou pèdi tou anpil Pè, Mè ak anpil fidèl kretyen katolik ak anpil lòt frè ak sè nou yo nan gwo trajedi sa a.

Jounen jodi a nou menm nan Mouvman Kiwo d’Ayiti nou viktim anpil, paran kiwo, zanmi kiwo yo, sila yo ki te konn soutni Mouvman Kiwo a, san konte manm kiwo nou yo, soti nan seksyon piti (tanbou etensèl) rive nan kò dirijan toupatou nan dyosèz nou yo, sitou nan dyosèz Pòtoprens, Jakmèl san bliye Dyosèz Okay kite inonde yon mwa aprè. Devan tout sitiyasyon difisil sa yo lavi pa fini, malgre nou viktim, nou kanpe pou nou di: ‘’ Lavi pa fini’’. Nou menm ki rete nou dwe kontinye misyon nou kòm bon kretyen katolik batize.

Se pou sa nou menm kiwo, nou dwe reveye n pou lavi boujounen. Se vre nou menm nan Mouvman kiwo nou viktim, men nou pa ka rete endiferan devan sitiyasyon sa a, kòm patizan Kris la. Nou pa dwe rete chita ap gade, nou dwe pote kole pou frè ak sè nou yo soti nan move pa yap viv jodi a. Sonje deviz nou ki se “viv pou sèvi”.

Nan sans sa a nap mande pou dirijan yo ankadre timoun ak jèn yo, pou reveye yo nan mete aktivite anndan gwoup yo, yon fason pou ya l’fè solidarite ak timoun, ak jèn yo ki nan abri pwovizwa yo, tankou vizite yo, fè reyinyon ak yo, bay yo bon jan konsèy, bon jan enfòmasyon ak ankourajman pou yo rive pran fòs.

Mouvman kiwo a ap pwofite sikonstans sa a pou l mande tout moun ki gen reskonsabilite nan peyi a, pou yo pran angajman tout bon vre nan:
1. Asire yon lojman solid pou tout moun ki pèdi kay yo, sila ki nan abri provizwa yo.
2. Asire manje pou tout viktim yo, pandan l ankouraje pwodiksyon nasyonal sitou agrikòl la pou pèmèt peyizan nou yo jwenn bon jan zouti ak teknik agrikòl, pou tè a kapab pwodwi plis manje pou soulaje pèp la. Konsa nou pap bezwen konte anpil sou manje ki soti lòt bò.
3. Mete lekòl nasyonal sou pye kote Leta ak tout patnè li yo, kap travay nan edikasyon, pral kolabore ansanm pou tout timoun ak jèn yo nan peyi a rive benefisye yon sèl mòd edikasyon gratis san pati pri.
4. Defini prensip ak nòm pou bati kay solid nan peyi a, fè enspeksyon tout kay ki pa kraze yo nan peyi a epi bay ouvriye nou yo tankou enjenyè, mason, chapantye bonjan fòmasyon pou yo rive bati kay ki solid pou pèp la sispann viktim lè gen siklòn, inondasyon, tranbleman tè, elatriye.
5. Ede moun yo reprann oubyen jwenn travay, ak bon jan swen medikal ak akompayman sikolojik.
6. Pran mezi ki nesesè pou konbat tout fòm enjistis, koripsyon, ensikirite,vyolans ak inegalite nan sosyete a.
6. Pran yon desizyon dEta ki pou pèmèt tout moun jwenn gratis tout pyès yo ki pèdi nan Tranbleman tè 12 janvye a tankou: Batistè, Ak maryaj, Kat didantite,Ak desè, Papye tè, Paspò, elatriye.


Pou nou fini nap mande, pou nou tout fè solidarite yonn ak lòt nan lapriyè, nan renmen pataj ak nan sèvis tout frè ak sè nou yo ki viktim. Se pou nou yonn ankouraje lòt pou lavi a kontinye boujonnen yonn pou lòt nan peyi a. Ann travay ansanm pou nou bati yon lòt Ayiti kote nou tout se frè ak sè nou ye, kote tout moun jwenn sa yo bezwen pou viv pi byen. Se pou Bondye lavi a kouvri nou anba manto lagras li pou nou kapab kenbe fèm nan misyon nou kòm kretyen batize.

Kiwo reveye w… Pou lavi boujonnen!

Mesaj sa a fèt nan okazyon evènman 12 janvye 2010.

Kouraj ak tout kiwo!

Nan non Mouvman Kiwo Ayiti

Pè Alexandre Kakolo Beya, cicm
Omonye Nasyonal

Aucun commentaire: